Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

T-Jo mande Rodney Noël kilè l ap kite ipokrit aprè pwomotè a akize l kòm moun ki te konn bòykote Krezi Mizik

T-Jo mande Rodney Noël kilè l ap kite ipokrit aprè pwomotè a akize l kòm moun ki te konn bòykote Krezi Mizik
Getting your Trinity Audio player ready...

T-Jo Zenny mande Rodney Noël kilè l ap kite ipokrit aprè ansyen manadjè Harmonik la akize l kòm moun ki te konn bòykote Krezi.

Zen yo ap kontinye nan endistri mizik ayisyèn lan ant atis ak pwomotè. Aprè bouch louvri ki te gen sou rezo a ant Rodney Noël ak Michael Guirand jou ki sot pase yo, jodi samdi a se tou pa atis T-Jo ki reponn patwon Konpa Festival la ki akize l kòm moun ki te konn ap bòykote Krezi Mizik epòk te gen rivalite ant gwoup sa ak Kreyòl La. Lead vokal Kreyòl La ki mete kanpe labèl Apach World Music pa t pran tan pou reyaji epi voye pil pawòl pike pou montre pwomotè a se yon ipokrit.

Rodney Noël ki t ap patisipe week-end sa nan Show JMS fè konnen ak animatè a li te toujou gen volonte bò kote pa l ak bò kote Joubert Charles pou te travay ak Krezi Mizik, gwoup Mikaben te fè pati. Ansyen manadjè Harmonik la ale pi lwen pou l di atis T-Jo Zenny se youn nan moun ki te toujou kanpe anfas sa pou yo pa t travay ak Krezi.

Deklarasyon ki choke anpil moun aprè Max Report’s te fin rapòte nouvèl la. Yon deklarasyon ki te pouse chantè gwoup Kreyòl La, T-Jo Zenny kouri reyaji. Yon reyaksyon kote li pa demanti sa pwomotè a di a ni li pa di se levanjil yo ye tou. “Pi Gran, wi se vre, tout sa nou di se vre, tout sa nou vle ajoute an plis se vre, e tout sa nou pral gen pou di tou se vre. Moral istwa a, se ke si ta Vre, m pran leson pou m pa fe sa ankò”, se Konsa T-Jo te reponn anndan yon mesaj sou X

Pou tape Rodney Noël, T-Jo Zenny te kontinye pou l di fòk pwomotè a pran leson tou. “Sispann bòykote Vayb pou Kai, Harmonik ki pa avè w ankò pou Mood, Gabel ak Disip ke w fè tout sa k kapab pou l pa reyisi paske w pa t vle Patrick Fabre grandi. Aprann tou pou w pa met Festival nan Jou Madan Gougous la paske Madan gougous te toujou gen festival Football li, li pa t anmede w. Kite Sumfest anrepo tou sou pretèks ke li anmètde Festival ou. Si m te ipokrit mwen kite e ou kilè w ap fè kite?”

Nan yon lòt mesaj sou X, T-Jo eksplike tout pwoblèm ki te egziste ant Krezi ak Kreyòl La. Li fè konnen li pa konprann kòman aprè 16 lane pwomotè a vin leve yon bagay san sans epi avèti Rodney Noël repons li ap sou tèt bouch li si l anmètde l.

T-Jo mande Rodney Noël kilè l ap kite ipokrit aprè pwomotè a akize l kòm moun ki te konn bòykote Krezi Mizik

À lire aussi :

Trois présumés bandits de Grand-Ravine et du Bel-Air arrêtés par la police

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu