Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Tanpèt twopikal Grâce: Otorite yo leve vijilans wouj la sou peyi Dayiti

Tanpèt twopikal Grâce: Otorite yo leve vijilans wouj la sou peyi Dayiti
Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Tanpèt Twopikal Grâce: Otorite Idwo Meteyowolojik Dayiti leve Vijilans wouj la

Otorite Idwo Meteyowolojik peyi Dayiti nan tèt kole ak Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse alèt wouj ki te gen sou peyi Dayiti a pandan pasaj tanpèt twopikal Grâce leve.

Si maten an se te vijilans wouj sou tout peyi a apre ke depresyon twopikal Grâce te vin transfòme an tanpèt twopikal, pou kounya pa gen alèt sou peyi a.

Toutfwa, otorite yo mande ak popilasyon pou toujou pran prekosyon epi rete vijilan.

Yè lendi a te gen anpil lapli lapli nan Gran Sid la ak nan depatman Lwès la. Pou jodia, tan an te yon jan eklèsi nan nivo kapital ayisyen lan kote pa gen aktivite lapli.

Bilten meteyo maten an te getan anonse tanpèt twopikal Grâce koumanse ap retire kò l tou piti sou peyi a. Sa pa anpeche ka gen aktivite lapli.

Se rezon gen entèdiksyon kabotaj sou kot Sid la, entèdiksyon pou moun travèse ravin ak rivyè.

Poko gen okenn kominike sou dega tanpèt twopikal sa ta koze oubyen si pa gen dega majè ki fèt. Men, anpil viktim tranbleman tè nan depatman Grandans, Sid ak Nip mouye anpil pandan pasaj Grâce ki pa t fè peyi a okenn moso lagras.

Tanpèt twopikal Grâce: Otorite yo leve vijilans wouj la sou peyi Dayiti

Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Dekouvri plis:

Séisme du 14 août: le CARDH exige la transparence dans la gestion de l’aide

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

Bien que situé hors de sa trajectoire directe, le pays subit déjà les effets des bandes pluvieuses de l’ouragan rétrogradé en catégorie 3. Les...

Météo

La météo prévoit des averses de pluies sur Haïti dont le département de l’Ouest en raison d’un front froid traversant le centre de la...

Météo

Le passage d’un fond froid dans les grandes Antilles est la cause de l’humidité qui s’abat sur Haïti depuis ce week-end. L’Unité Hydrométéorologique dans...

Météo

Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La Direction générale de la Protection Civile...