Connect with us

Hi, what are you looking for?

Confidences

Temwanyaj yon etidyant nan inivèsite Leta a sou zak “Tizonnay” li di l sibi anba men yon pwofesè

Temwanyaj yon etidyant nan inivèsite Leta a sou zak "Tizonnay" li di l sibi anba men yon pwofesè

Temwanyaj yon etidyant nan fakilte Syanzimèn nan inivèsite Leta a sou zak “Tizonnay” li di l sibi anba men yon pwofesè.

Esther (yon non nou prete) te deside temwanye sou kesyon asèlman seksyèl yo souvan rele nan kominote estidyanstin lan “Tizonnay.” Daprè demwazèl sa ki nan dezyèm ane Fakilte Syanzimèn nan inivèsite Leta a, li fè konnen yon pwofesè nan preparatwa te toujou ap asele l jistan li te arive frape l yon jou maten ki te 16 mas 2022 pandan li te nan kou nan sal la. Sa ta pral pouse l pote plent nan administrasyon Fakilte sila epi te aksepte redaksyon jounal la poze l kesyon pou l reponn. Sou demann li, nou deside pa devwale non l, nou jis sèvi ak yon non.

Juno7: Nan konbyen ane ou ye nan fakikte a?

Esther: dezyèm ane.

Juno7: Gen yon bagay ki rive w ak yon pwofesè anndan fakilte a, kote ou di li frape w, ou di tou li reyaji konsa paske te deja gen antesedan. Èske ou ka relate pou nou sa k te gen ant ou menm ak li byen avan sa yo rive jou ki te mèkredi 16 mas 2022 a?

Esther: Nan kou yo, li te konn ap fè m remak tankou mwen gen gwo bouch. Mwen pa t konn bay sa twòp enpotans. Mwen souvan malad epi kòm se yon kou ki fèt nan maten, van frèt la souvan fè m touse. Yon jou li di m, si m renmen touse konsa koman l ap fè bo m.

Juno7: Kijan ou reyaji vizavi de pwofesè sa lè li te konn ap reyaji konsa fas ak ou?

Esther: Nan yon premye tan, m te resevwa l tankou petèt yon blag konsa. Apresa repetisyon zak yo te konn kite m pèplèks.

Juno7: Jou ki te 16 mas sa, lè pwofesè a te reyaji a kote ou di l frape w. Ki konpòtman ou te genyen epi kijan kanmarad fakilte ou yo te wè atitid pwofesè sa?

Esther: Li te frape m nan kwis goch mw. Lè li fè sa chok fè m pa t ka reyaji bridsoukou. Men kèk minit aprè, mwen te eseye mande l poukisa li fè sa (nan tèt mwen sa te jis rive konsa) men repons li te ban m lan montre li te konsyan.

Juno7: Ou di ou depoze plent nan konsèy k ap administre fakilte a, ki reyaksyon yo epi kisa yo di w?

Esther: Anvan plent lan, genyen moun nan administrasyon an mwen te pale ak yo ki te banalize l. Yon lòt bò, konsèy la te montre li gen anpil enterè nan jere dosye a byen vit. Yo te pran yon mezi konsèvatwa ki te enplike sispansyon kou a pandan yon tan, pandan te genyen yon ankèt ki te lanse. Men jouk kounya yo pa janm di anyen e yo repwograme pwofesè a sesyon sa.

Juno7: Èske avan sa ou konn tande move pawòl k ap di sou pwofesè sa oubyen se pa t janm yon moun ki konn gen jan reyaksyon sa yo?

Esther: Moun di anpil bagay sou moun. Se yon pwofesè ki estrik (tonton makout, jan etidyan yo souvan rele l). Sa vle di etidyan ka di nenpòt bagay sou li. Mwen p ap repete sa mwen pa ka verifye.

Juno7: Ou estime se tizonay, ou pote plent nan fakilte a, ou deside pale jodia ak laprès sou koze sa. Poukisa ou fè chwa sa pran chimen medya?

Esther: Mwen dakò pale ak medya paske nan yon premye tan mwen te swete jere sa tou piti ant mwen ak administrasyon an paske mwen te vle jere imaj mwen, epi evite non m tonbe nan yon eskandal. Malgre sa, administrasyon an pa t rive kenbe enfòmasyon mwen te pataje yo epi finalman tout moun sou lakou fakilte a konnen pawòl la epi sa ki gen plis kran yo rive poze m kesyon sou sijè a.

Juno7: Èske paran w okouran de sa ou estime w ap sibi yo, si wi kisa yo di w?

Esther: Wi yo okouran. Yo mande m pou m pridan. Yo konnen byen istwa poul la ak ravèt la.

Juno7: Aprè tout sa w di la yo èske ou santi ou konfòtab nan espas fakilte a, Kijan solidarite lòt kanmarad yo ye anvè ou?

Esther: Mwen pa alèz ditou. Deja mwen pa t vle tout moun okouran sa ki rive fèt. Kidonk mwen oblije evite kamarad mwen yo anpil fwa pou m evite kesyon yo tou. Jeneralman m se yon moun ki toujou renmen rete nan mitan kamarad mwen yo. Men kounya m souvan poukò m paske m jennen.

Temwanyaj yon etidyant nan inivèsite Leta a sou zak "Tizonnay" li di l sibi anba men yon pwofesè

Juno7: Èske se premye fwa ou sibi sa oubyen gen lòt patikilye ki konn gen modèl konpòtman sa yo fas ak ou?

Esther: Non se pa premye fwa m viktim men se premye fwa mwen pale. Dèfwa m sibi sa Men se pa nan espas fakilte a.

Juno7: Èske ou okouran tou kanmarad ki sibi menm bagay sa yo men ki pè pale oubyen pa swete pale?

Esther: Mwen pa genyen okenn egzanp presi.

Juno7: Depi aprè sa fin pase a èske ou kwaze ak pwofesè a? èske li pale ak ou? Si wi Kijan sa ye?

Esther: Wi mwen kwaze l. Non li pa pale ak mwen. M jennen lè li nan yon menm espas avè m, m pa alèz ditou

Juno7: Ki sa w ap mande, kisa w ta swete ki fèt?

Esther: Nan yon premye tan, m ap envite tout moun fi oswa gason ki ta santi yo se yon viktim zak vyolans oswa tizonnay pa neglije denonse moun ki fè yo sibi sa. Pou m anchennen, mwen t ap swete yo sispann pwograme pwofesè sa nan preparatwa, piske anpil fwa etidyan preparatwa yo se yo ki viktim de tout kalite zak: vyolans, tizonnay, diskriminasyon. Anpil fwa tou yo pa menm rann yo kont yo te viktim. Pou m fini, m ap mande manm konsèy la ( ki defakto) yo sispann kite plas pou moun di fakilte a pa ni dirije ni administre, yo dwe anpeche moun ki sanse nan pi wo nivo yo itilize pouvwa yo tankou yon enstriman pou fè abi epi yo dwe pwoteje sa ki pi sanse pi fèb. Oswa si yo santi yo nan enkapasite pou yo jere, yo dwe fè eleksyon prese prese…

En savoir plus:

Le Consulat d’Haïti à Santiago signe un accord de coopération avec des commerçants et industriels de Santiago

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu