Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ti Youri kouri mande padon aprè kabinè avoka Bedjine ak K-dilak some l pou manti li bay sou atis yo

Ti Youri kouri mande padon aprè kabinè avoka Bedjine ak K-dilak some l pou manti li bay sou atis yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Ti Youri kouri mande padon aprè kabinè avoka Bedjine ak K-dilak fin ba l yon ultimatum pou demanti sa l t ap di sou atis yo.

Loubenson Benjamin ki gen non militan “ti youri” demanti pawòl li te fè semèn pase a sou atis Bedjine li di ki se ansyen fanm dous li. Militan an ki pa janm dwat nan sa l ap di, te pran mikwo kèk medya an liy pou fè konnen li te renmen nan jenès ak atis la li kalifye rizyèz tou. San pran tan, kabinè Jean Renel Senatus some endividi a ki pa t pèdi tan pou mande padon pou pawòl dwat e gòch li yo.

Kabinè avoka Bedjine ak K-dilak te pran an fè konnen nan somasyon an: “Nan ka kote ti youri kenbe menm pawòl yo, y ap pouswiv li devan tribinal.” Somasyon sa te mande l retrakte pawòl li yo pa menm kanal li te pase yo epi mande eskiz piblik.

Sa ti youri kouri fè rapid nan yon videyo epi prezante eskiz ak atis yo epi fè konnen tout sa l te ap di yo se manti. Militan an pran leswen li lèt eskiz piblik la pou retrakte sa l te di yo.

Byen avan somasyon sa, anpil moun te deja ap kritike ti youri pou soti krab sa li fè pou sal non Bedjine. Endividi sa souvan yo konsidere kòm yon militan abolotcho pa sispann pran kritik anba men entènot yo.

Ti Youri kouri mande padon aprè kabinè avoka Bedjine ak K-dilak some l pou manti li bay sou atis yo

Li tou :

Le bâtiment des Presses Nationales pillés par des individus armés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Musique

Getting your Trinity Audio player ready... “Yo di pa gen 2 queen! Pa gen 2 queen! Only one!”, l’artiste du groupe Ekip,Shabba revient sur...

Musique

Getting your Trinity Audio player ready... Marie Bedjine Love David est-elle vraiment la queen de la musique du moment ? Dans le panorama musical...