Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

TonyMix lave lè a nan peyi Repiblik Dominikèn

TonyMix lave lè a nan peyi Sen Domeng

Definitivman TonyMix DJ peyi a pa gen kote l pase li pa fè enpak. Dènye an dat, se nan peyi Repiblik Dominikèn, nan club Euphoria lendi 4 me ak Mixer yè mèkredi a, dwèt majik la ale demontre talan l pi plis.

Atant lan te anpil bò kote fanatik yo, nan videyo k ap sikile yo fan DJ a melanje ak lòt tizè plezi te swaf anbyans lan. DJ peyi a jan anpil moun renmen rele l te mete l alawotè pou bay yon prestasyon ki gen nen nan figi.

Depi byen avan prestasyon li yo, TonyMix te getan ap monte adrenalin moun yo kòmkwa pral gen yon vòlkan ki pral pase nan Sendomeng, « Li pa t la li rantre ».

Sa ki te fè fanatik, kirye, obsèvatè te jete rega yo nan peyi vwazen an pou gade ki sa ti nonm Kafou a te gen nan djakout li. TonyMix pase ak fòs nan koze animasyon, bon jan mix, sa ki te lèse piblik la sou swaf yo. Apre prestasyon sa rezo sosyal yo te chofe sitou anba paj Tony yo kote entènot yo anndan kòmantè yo pa sispann voye flè pou DJ a pou kalite prestasyon an.

Yon prestasyon anpil moun konpare prèske a sa li te bay nan peyi Chili kote sa te fè anpil pale anpil. Gen moun tou ki di prestasyon Tony sou teritwa Luis Abinader ap dirije a se ti frè prestasyon sa li te ofri Chili a.

Don Miguelo, jèn rapè reggaeton dominiken an ki te envite pa TonyMix remèsye konpatriyòt ayisyen yo pou lanmou ak respè yo te ba li. Li pa t kache lapawòl pou l di TonyMix se DJ karayibeyen ki gen plis « batri » yon fason pou rapè a montre kalite touch DJ a genyen lè l ap jwe epi remèsye Tony pou envitasyon an. Yon mesaj Tony te poste sou paj li yo.

1M followers sou IG

Pandan TonyMix ap lave lè a nan Sendomeng, menm moman an tou li atenn 1 milyon followers sou paj IG li. TonyMix rejwenn sèk trè fèmen atis ayisyen ki posede 1M followers sou IG a. DJ a te pwofite remèsye fanatik li yo, yon nouvèl ki te byen rive nan zòrèy anpil moun ki te pwofite moman an salye talan atis la, ankouraje l ak felisite l pou travay li yo.

Dekouvri plis:

MTV/Ayiti rejette toute intention de discrimination dans les propos de Réginald Boulos

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Le clip du hit afro-haïtien cumule déjà plus de 300 000 vues en 24 heures. L’humoriste et artiste béninois Axel Merryl s’est associé au...

Actualités

Ces ouvriers agricoles ont été transportés à l’hôpital après avoir ressenti de graves douleurs abdominales. Le dimanche 1er décembre, 26 Haïtiens, dont deux mineurs,...

Actualités

Une initiative controversée en République dominicaine invoquant des impératifs de sécurité nationale et de souveraineté Le Congrès dominicain se prépare à examiner un projet...

Actualités

Le maire Walfry Francisco Labor Gutiérrez dénonce la complicité des militaires dans le passage irrégulier des migrants haïtiens. Le maire du district municipal de...