Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Vijilans jòn toujou kenbe malgre sant tanpèt twopikal Fiona p ap travèse Repiblik Dayiti

Vijilans jòn toujou kenbe malgre sant tanpèt twopikal Fiona p ap travèse Repiblik Dayiti

Otorite yo toujou kenbe vijilans jòn sou tout peyi a menm kan sant tanpèt twopikal Fiona p ap travèse Ayiti ankò.

Nan dènye bilten meteyowolojik ki rive jwenn Juno7 jodi dimanch 18 sektanm 2022 a, vijilans jòn toujou kenbe nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas pou tanpèt twopikal Fiona ki p ap travèse peyi a nan jou k ap vini la yo ankò. Men Fiona ap transfòme an ouragan kategori 1 lè l ap rive Pòtoriko daprè bilten sa.

Pou maten an, gen yon tan ki gen solèy ak nyaj sou peyi a daprè konsta Inite Idrometeyowolojik yo. Toutfwa, otorite yo lokalize Fiona a 17.2 nan Nò latitid pandan lonjitid li nan 66.1 nan Lwès, sètadi a anviwon 105 km sid ak sidès peyi Pòtoriko.

Fiona pote gwo tonton van a 110km lè, deplasman se lwès ak Nòwès ak 13 km lè epi li gen yon presyon minimal 991 ekto paskal, daprè eksplikasyon madam Chrisnette Saint-Georges.

Li sipoze travèse peyi Pòtoriko jodi dimanch lan aprè pou rantre sou Repiblik Dominikèn aswè a ak demen. Li ap transfòme an faz ouragan kategori 1 lè l ap rive Pòtoriko ak Repiblik Dominikèn.

Li gen pou l bay anpil van ak lapli lè l ap travèse Repiblik Dominikèn. Men Sant tanpèt Fiona p ap travèse Ayiti selon nouvèl trajektwa lwès ak Nòdwès li pran deja, sistèm sa p ap gen gwo bagay pou nou pè parapò ansanm avèk efè dirèk pètibasyon siklonik sa, daprè eksplikasyon Madam Chrisnette Saint-Georges.

Parapò ak pasaj siklòn lan sou rejyon an, otorite yo kenbe vijilans jòn akoz van ak gwo lapli li pote ki ka frape kèk rejyon anndan peyi a. Nan sans sa, yo mande popilasyon an rete vijilan epi tande enfòmasyon ki lye ak sijè a.

Vijilans jòn toujou kenbe malgre sant tanpèt twopikal Fiona p ap travèse Repiblik Dayiti

Dekouvri plis:

Les États-Unis condamnent« fermement les actes de violence, de pillage et de destruction» et encouragent le dialogue

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu