Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Wanament: y ap arete epi pini tout moun yo kenbe k ap soti ak machandiz an Repiblik dominikèn

Wanament: y ap arete epi pini tout moun yo kenbe k ap soti ak machandiz an Repiblik dominikèn

Wanament: Delegasyon Depatmantal Nòdès la, Direksyon Depatmantal Ministè Komès ak Endistri ak Meri Wanament anonse y ap arete epi pini tout moun yo kenbe k ap soti ak machandiz an Repiblik dominikèn

Nan yon nòt yo mete deyò ki pote sitati Moise Charles-Pierre, Delege; Luma Démétrius, Majistra ak Oclite Destine, Adjwen Majistra, Delegasyon Depatmantal Nòdès la, Direksyon Depatmantal Ministè Komès ak Endistri ak Meri Wanament, fè konnen li fòmèlman entèdi pou antre sou pon fwontyè nan Komin Wanament lan nan objektif pou travèse fwontyè a epi retounen ak machandiz. Otorite yo fè konnen nenpòt moun yo kenbe y ap arete l epi pini l jan lalwa mande sa nan peye amann 50 jiska 500 mil goud epi l ap pèdi tout machandiz li yo.

Daprè nòt sila, moun ak chofè tout kalite machin yo kenbe nan tout Komin Wanament an flagran ak machandiz nenpòt kalite ki soti nan Repiblik Dominikèn pral arete e pini daprè lwa ayisyen sou kontrebann. Nòt sa presize “Byen yo sezi yo pral detwi, distribye epi machin yo sezi yo pral retounen bay pwopriyetè yo apre prezantasyon dokiman legal.”

Moun yo kenbe yo ap gen pou peye nan kès Meri Wanament lan senkant mil (50.000.00) a senksan mil (500.000.00) goud, dapre klasifikasyon ki pral fè pa moun k ap siyen yo.

Desizyon sa pran sitou aprè moun pa sispann pase anba fil pou ale achte machandiz kay vwazen pou vin vann Ayiti malgre fwontyè a fèmen. Gen moun ki kwè desizyon sa bon, gen lòt ki estime se yon desizyon emosyonèl otorite yo pran pandan yo pa garanti ti machann yo anyen ki gen fanmi pou yo pran swen.

Wanament: y ap arete epi pini tout moun yo kenbe k ap soti ak machandiz an Repiblik dominikèn

Dekouvri plis:

Panique totale à Cité Soleil après le décès d’un puissant chef de gang

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

LANSE-HAÏTI mande aktè yo swiv ekzanp popilasyon Wanament lan sou koze konstriksyon kanal la pou yo kapab bati yon lòt Ayiti. LANSE-HAÏTI ki se...