Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken fè konnen Luis Abinader fè plizyè erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal la

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken fè konnen Luis Abinader fè plizyè erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal la

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken deklare gouvènman lakay li fè yon pakèt erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal sou rivyè Masak la.

Miguel Vargas ki se prezidan pati politik Revolisyonè an Repiblik dominikèn epi ansyen minis afè etranjè, deklare gouvènman lakay li fè anpil erè nan sa k gen pou wè ak jere konfli avèk Ayiti poutèt konstriksyon kanal sou rivyè Masak la. Ansyen chanselye dominiken an raple kèk erè tankou akò 17 me 2021 an, desizyon Luis Abinader pou fèmen fwontyè a epi souliye gen lòt mwayen ki pi efikas pou kriz la te jere ant 2 peyi yo. Li fè deklarasyon sa yo nan kad yon diskou pandan yon kongrè pati politik la, selon sa medya dominiken rapòte.

“Gouvènman an fè plizyè erè, 17 me 2021 li te konkli yon akò ki bay pasaj gratis nan kanal rivyè Masak, kounya li vle pran yon lòt mezi”, se sa Miguel Vargas deklare pou montre gouvènman peyi l pa konn sa y ap fè.

Pi lwen, li montre pouvwa Luis Abinader ap dirije a kouri pran yon lòt mezi ki pi rèd ki se fèmen fwontyè Repiblik dominikèn avèk Ayiti yon fason pou fè presyon pandan l montre se komès la ki afekte. “Desizyon fèmen fwontyè a evidamman afekte komès la paske Ayiti se dezyèm patnè komèsyal nou, li gen pi bon balans komèsyal pou Repiblik dominikèn epi li non sèlman afekte komèsan ayisyen yo, li afekte komèsan dominiken yo tou.”

Pi lwen li fè konnen jan peyi l ap jere kesyon sa voye yon move imaj sou sèn Entènasyonal la kote lòt peyi ap panse dominiken refize ayisyen jwenn dlo ak manje. “Li kreye yon imaj negatif sou sèn entènasyonal la men ki pa sa yo panse a. Yon imaj ke n ap refize li dlo epi n ap refize li manje e fòk nou sonje ke Ayiti se pati ki pi pòv nan emisfè a.”

Li rekòmande ak Luis Abinader pou patisipe nan djalòg jan OEA mande sa pou kapab twouve yon solisyon.

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken fè konnen Luis Abinader fè plizyè erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal la

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 16 Octobre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

République Dominicaine

Luis Abinader remporte les élections présidentielles dominicaines et brigue un second mandat de quatre ans Les citoyens dominicains se sont rendus le dimanche 19...

République Dominicaine

Premiers résultats des élections en République dominicaine : Luis Abinader devant avec 59,24 % Les citoyens dominicains se sont mobilisés ce dimanche 19 mai...

République Dominicaine

Les Dominicains aux urnes ce dimanche 19 mai pour élire un président Un scrutin décisif Ce dimanche 19 mai 2024, les citoyens de la...

République Dominicaine

L’ancien Premier ministre Ariel Henry avait demande au Président dominicain, Luis Abinader de fermer la frontière nord de la République Dominicaine Lors d’une rencontre...