Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ameriken jwenn arestasyon l Etazini paske li konn gen rapò seksyèl ak ti gason nan yon òfelina li genyen Ayiti

Michael Karl Geilenfeld, yon ameriken 71 lane, jwenn arestasyon l samdi pase a nan vil Denver, Etazini, poutèt yo akize l kòm moun ki konn gen rapò seksyèl ak ti gason nan yon òfelina li genyen Ayiti.

Michael Karl Geilenfeld, 71 lane, ki se responsab “foyer pour garçons St. Joseph à Port-au-Prince (St. Joseph’s Home For Boys)”, yon òfelina li mete sou pye nan lane 1985, jwenn arestasyon l samdi 20 janvye 2024 la, nan vil Denver, peyi Etazini. Pèsonaj la gen gwo akizasyon ki pandje sou do l kote plent yo fè konnen li gen abitid kite peyi l vin Ayiti pou vin gen rapò seksyèl ak ti gason li genyen anndan òfelina a, daprè sa jounal Miami Herald rapòte.

Sitwayen ameriken sa gen plis ke 10 lane l ap evite akizasyon sa yo. Li te menm arive genyen yon pwosè difamasyon devan yon tribinal federal nan Maine aprè yon avoka te akize l li abize seksyèlman ti gason nan òfelina li a. Michael Karl Geilenfeld te menm arete an Ayiti pou menm koze sila men yon jij ta pral rejte afè a poutèt okenn prezime viktim pa t prezante nan tribinal sou dosye sa.

Ameriken an dwe parèt jedi 25 lan devan yon tribinal federal nan Denver. Se yon gran jiri federal ki arete l nan ayewopò entènasyonal Miami an pandan li t ap soti nan yon vwayaj an Ayiti. Yo akize l kòmkwa vwayaj sa se pou te kab abize seksyèlman yon minè.

Menm ameriken pa sispann akize responsab òfelina sa. Paul Kendrick k ap viv Maine fè konnen towo 71 lane a se yon pedofil an seri. Mesye Kendrick di l rekonesan paske lajistis ameriken mare kou krab Michael Karl Geilenfeld. “Chak jou mwen panse ak gwo malè terib ke Geilenfeld fè moun pòv sa yo, sitou timoun nan lari ann Ayiti. Abi terib ak wont ke yo viv chak jou. Lit pa yo pou jwenn abri ak manje”, se sa Paul Kendrick deklare nan Miami Herald.

Sèvis ankèt ak sekirite enteryè ansanm ak FBI k ap ankete sou enfraksyon prezime touris seksyèl kapab bay yon pèn ki ale jiska 30 lane prizon.

Yon ameriken jwenn arestasyon l Etazini paske li konn gen rapò seksyèl ak ti gason nan yon òfelina li genyen Ayiti

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 24 Janvier 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu