Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Yon etid an Ostrali fè konnen moun ki depase 40 lane dwe travay sèlman 3 jou pa semèn

Yon etid an Ostrali fè konnen moun ki depase 40 lane dwe travay sèlman 3 jou pa semèn
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon etid ki reyalize nan peyi Ostrali fè konnen moun ki atenn laj 40 lane dwe travay 3 jou sèlman pa semèn.

Yon gwoup chèchè nan Melbourne Institute Working Paper Series, nan peyi Ostrali, reyalize yon etid ki fè konnen moun ki depase 40 lane dwe travay sèlman 3 jou pa semèn (anviwon 25 èdtan). Daprè rechèch sa, randman an pi bon lakay moun sa yo pase lòt moun ki gen laj ki pi piti oubyen moun ki depase 40 lane ki travay anpil.

Etid la revele pwodiksyon ki pi bon ta dwe moun ki sèlman ale nan travay 25 èdtan pa semèn (twa jou). An konparezon, moun ki travay 55 ​​èdtan pa semèn te gen pi ba pwodiksyon epi kapasite mantal retrete ak chomeko yo te pi ba tou pase sa yo ki nan travayè a tan pasyèl.

“Travay se yon epe de bò. Sètènman, li estimile sèvo a, men fè pil tan ap travay konn andomaje fonksyon mantal nan ba li fatig ak estrès”, se sa pwofesè Colin McKenzie, youn nan chèchè yo fè konnen.

Pi lwen nan deklarasyon li fè nan jounal The Australian, li fè konnen diferans nan kantite èdtan travay yo gen yon enpak siyifikatif sou antretyen nan kapasite mantal moun ki depase laj 40 lane yo. Pou li menm, travay a tan pasyèl ta ka yon estrateji efikas pou moun sa yo.

Etid sa te fèt pa Melbourne Institute Working Paper Series nan peyi Ostrali ak Keio ki se yon inivèsite japonè. Yo te mennen etid la sou 6 500 ostralyen (3 mil gason, 3 mil 500 fi). Yo te fè moun yo pase plizyè tès tankou fè lekti byen fò, resite anpil chif, fè yo koresponn lèt ak nimewo nan yon ti bout tan.

Yon etid an Ostrali fè konnen moun ki depase 40 lane dwe travay sèlman 3 jou pa semèn

À lire aussi :

Absente des compétitions depuis 2022, Naomi Osaka veut gagner des titres pour son grand retour fin décembre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu