Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Yon frè Zidane pouse do Eric Zemmour ak militan li yo nan yon “Konplèks Espòtif”

Yon frè Zidane pouse do Eric Zemmour ak militan li yo nan yon "Konplèks Espòtif"

Yon frè antrenè Zinedine Zidane mete deyò kandida Eric Zemmour ak militan li yo nan yon Konplèks Espòtif.

Eric Zemmour ki se kandida ekstrèm dwat nan peyi Frans pran yon wont jodi samdi a nan vil Masèy. Kandida a ki te twouve l sou teren Zidane Five Club, yon Konplèks Espòtif, arive kite espas la aprè yon frè Zinedine Zidane ki rele Nourredine Zidane te mande l ak tout militan ki te akonpaye l yo kite espas la.

Selon sa medya fransè yo rapòte, ekip kanpay Zemmour an te rezève 2 teren foutbòl nan espas la pou yon dire 2 èd tan. Men ekip kandida a pa t mete responsab Konplèks Espòtif la ke moman sa se te pou vin fèmen an prezans laprès tounen Eric Zemmour t ap fè nan vil Masèy. 

Kandida a ak kèk militan ki te akonpaye l te getan jwe yon dizèn minit foutbòl, se aprè sa frè Zinedine Zidane lan ta pral parèt epi mande yo degèpi yo nan espas la ak tout laprès ki te akonpaye yo. 

Eric Zemmour ak militan yo te bay talon yo malgre te gen bouch louvri selon medya fransè yo.

Yon frè Zidane pouse do Eric Zemmour ak militan li yo nan yon "Konplèks Espòtif"

Dekouvri plis:

Mondial 2022: la FIFA a changé la tradition concernant le match d’ouverture

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu