Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon patenarya sou edikasyon ak enklizyon finansye fèt ant MENFP ak BRH

Yon patenarya sou edikasyon ak enklizyon finansye fèt ant MENFP ak BRH

Yon patenarya sou edikasyon ak enklizyon finansye fèt ant Ministè Edikasyon Nasyonal ak Bank Santral.

Yon rankont te arive fèt yè mèkredi 23 fevriye a ant minis edikasyon an Nesmy Manigat ak gouvènè Bank Santral la Jean Baden Dubois, kote objektif rankont sa se edike jenès ayisyèn lan sou sa ki gen pou wè ak kesyon ekonomik yo.

Nan sans sa, titilè MENFP a ansanm ak nimewo 1 bank Santral la te bat bouch sou yon pakèt eleman yo estime ki ta dwe konsolide travay sa ki koumanse parèt yon ti kras nan lekòl yo atravè pwogram nouvo segondè a. 

Nan entèvansyon gouvènè a nan kad rankont sa, li te pale sou nesesite li di li kwè <<pou peyi a genyen plis sitwayen ki pi byen fòme sou anje ekonomik yo epi ki prepare pou bay tèt yo travay oubyen travay ak lòt moun pou fè ekonomi peyi a grandi>>.

Jean Baden Dubois twouve li enpòtan pou Bank Santral peyi a travay ansanm ak ministè a pou pote inisyativ sa paske li estime li nesesè pou lekòl yo kòmanse fòme elèv yo sou tematik ekonomik yo depi yo tou piti.

Nesmy Manigat sou bò pa l deklare n ap site: “Edikasyon ekonomik jèn yo ap pèmèt yo kòmanse konprann byen bonè nan lavi yo kòman ekonomi peyi a fonksyone, ki opòtinite sa bay epi kòman yo kapab pozisyone yo pou benefisye avantaj, ede lòt moun benefisye avantaj sa yo, pandan y ap travay pou fè ekonomi an pran lòt echèl”, yon diskou ki pa depaman ak sa Baden Dubois di tou sou koze sa.

Nan kad patenarya sa, elèv yo ap bezwen konprann sa sa vle di politik monetè ak fiskal. Y ap gen pou yo bezwen konnen ki sa ki yon bidjè, ki wòl Bank Santral, ki wòl bank komèsyal yo nan ekonomi peyi a. Se ap yon mwayen nan kad edikasyon ekonomik ak finansye a pou ekolye yo konprann prensipal filyè ekonomik ki genyen nan peyi a, kisa yo reprezante nan kreye richès, nan fè lajan sikile ekatriye.

Malgre sijè prensipal rankont lan te baze sou koze edikasyon ekonomik ak finansye, 2 responsab yo te abòde tou kesyon pwogram pou prete etidyan ki nan lekòl teknik ak pwofesyonèl lajan, y ap gen pou remèt kòb sa selon règleman BRH ak Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl (INFP) ap defini. 

Rankont sa te gen ladan l tou direktè kabinè minis lanJacques Abraham, direktè jeneral FNE a Hervé Boursiquot, direktè jeneral ONAPE a Dikel Delvariste, ak plizyè lòt direktè teknik ak kèk gwo kad nan Bank Santral.

Yon patenarya sou edikasyon ak enklizyon finansye fèt ant MENFP ak BRH

Dekouvri plis:

La PNH annonce une enquête sur l’implication présumée des policiers dans l’attaque contre des journalistes

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 27 Avril 2024 est de 132,34 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 26 Avril 2024 est de 132,22 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 25 Avril 2024 est de 132,25 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 24 Avril 2024 est de 132,22 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...