Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Youri Latortue deklare li pa janm nan dwòg, li pral defann tèt li ak lalwa

Youri Latortue deklare li pa janm nan dwòg, li pral defann tèt li ak lalwa
Getting your Trinity Audio player ready...

 

Ansyen Senatè Youri Latortue deklare li pa janm nan dwòg, li pral defann tèt li ak lalwa epi verite.

Peyi Etazini sanksyone aktyèl prezidan sena a Joseph Lambert ansanm ak ansyen senatè Latibonit lan Youri Latortue kòm moun ki patisipe nan trafik dwòg epi yo gen koneksyon ak rezo kriminèl ak gang. Fas ak akizasyon sa, nèg sa yo p ap rantre nan peyi Etazini. Lidè AAA a anndan yon tweet pa pran tan pou l reyaji pou fè konnen li pa janm nan dwòg epi asire pwòch li l ap pran chimen jistis pou blayi verite.

“Dwòg:M pa Jan m nan dwòg-Gang:M kont gang-Blanchiman:M pa nan volè,enkli nan kòb Petrocaribe-Ensitasyon fè Vyolans:fo!Se pa mwen ki fè promosyon sa!Trafik zam?Chache lòt kote-M fè deklarasyon sa a pou fanmi m,zanmi m,ak patizan m konnen m pral defann tèt mwen ak lalwa & laverite”, se deklarasyon lidè ayisyen an anndan yon tweet ki disponib sou paj Facebook li tou.

Nan yon deklarasyon, sou Sekretè deta depatman trezò ameriken an, Brian E. Nelson, fè konnen “Joseph Lambert ak Youri Latortue abize fonksyon ofisyèl yo pou fè trafik dwòg, yo kolabore ak rezo kriminèl epi gang pou kraze « État de droit » an Ayiti.”

Youri Latortue deklare li pa janm nan dwòg, li pral defann tèt li ak lalwa

Dekouvri plis:

Joseph Lambert ak Youri Latortue gen entèdiksyon pou antre Etazini akoz trafik dwòg epi koneksyon ak rezo kriminèl

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu