Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

1857 moun pran premye dòz vaksen kont kowonaviris, selon MSPP

Covid-19 - 1857 moun pran premye dòz vaksen kont kowonaviris, selon MSPP
Getting your Trinity Audio player ready...

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon nan yon bilan, prezante kantite moun ki deja resevwa premye dòz vaksen an.

Selon chif MSPP yo, pou jedi 22 jiyè a gen 157 moun ki vaksinen ki vin bay yon total 1857 moun ki vaksinen, ki resevwa premye dòz la.

341 moun fin vaksinen koz yo te pran vaksen ki mande pou pran yon sèl dòz, ki vle di dòz inik, selon sa MSPP ajoute nan bilan yo.

Pou moun ki pran premye dòz yo, po ko gen okenn moun ki pran dezyèm dòz la pami yo paske se aprè 28 jou yo sipoze tounen vin revaksinen.

Vaksinasyon an gratis ou p ap gen pou peye yon pyas si n kwè MSPP. Sit kote vaksen disponib se Lopital Lapè nan Dèlma 33, Lopital Sen Danyen ki chita kò l Taba 41, Gheskio ki Taba 41 tou, Lopital kominotè nan Juvena.

Nan sa k gen pou wè ak kowonaviris, dènye chif MSPP yo revele gen 40 nouvo ka kontaminasyon, 4 moun mouri anplis ki bay yon total 19 762 ka konfime, 3 278 moun pase sou kabann lopital, 523 moun mouri ak 13 332 moun trete.

1857 moun pran premye dòz vaksen kont kowonaviris, selon MSPP

Dekouvri plis:

L’OIF salue la formation du gouvernement Haïtien et réitère son appel à un dialogue inclusif

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pote kèk konsèy pou popilasyon an pandan pasaj eklips solèy la sou...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Un protocole d’accord est signé entre le MSPP et Zanmi Lasante. Selon une note du Ministère de la...

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Le MSPP alerte sur un médicament contrefait en circulation dans le pays   Une alerte sanitaire du Ministère...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le groupe Konbit San Pou San (KSPS) a organisé un sit-in devant le MSPP pour exiger que les...