Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis, daprè sa Lionel Lazarre konfime pou Juno7

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis, daprè sa Lionel Lazarre konfime pou Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis. 3 lòt arive jwenn arestasyon yo epi lapolis sezi yon machin yo.

Lionel Lazarre, kwòdonatè jeneral SYNAPOHA konfime pou Juno7 gen 5 ajan BSAP ki pèdi lavi yo jodi mèkredi 7 fevriye a nan echanj kout zam ak lapolis. Responsab SYNAPOHA a fè konnen tou gen 3 lòt ki jwenn arestasyon yo ak yon machin yo lapolis sezi. Aksyon sa pase maten an ant Laboul ak Tomasen, komin Petyonvil.

“Nou aprann mesye yo te genyen pou yo te desann Petyonvil, lapolis te anpeche yo pou yo te kapab desann. Yo kanpe nèg yo, yo pa vle. Yon patwouy lapolis ki te pi devan te oblije kwaze machin lan devan nèg BSAP yo ki t ap vini pou te anpeche yo pase. Imedyatman machin lapolis la fè sa, nèg yo tire epi lapolis riposte, sa vin pase konsa”, se detay sa Lionel Lazarre bay ak Juno7 sou sa ki rive a.

Jodi mèkredi 7 fevriye, popilasyon an te foule beton an ankò pou mande demisyon Ariel Henry. Nan komini Petyonvil plizyè milye moun te pran lari men lapolis te arive kraze foul la ak gaz lakrimojèn. Malgre plizyè tantativ, moun yo pa t janm arive regwosi foul la pou te reprann mobilizasyon an.

N ap raple tou gouvènman an nan yon nòt li te met deyò entèdi ajan BSAP pran lari ak inifòm epi zam pou yo sèlman rete nan baz yo. Yon desizyon anpil nan yo kritike epi denonse pouvwa an plas jistan yo reklame yo menm tou demisyon Ariel Henry depi aprè revokasyon Jeantel Joseph.

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis, daprè sa Lionel Lazarre konfime pou Juno7

À lire aussi :

Oser la Liberté : une exposition au Panthéon de Paris

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite

Getting your Trinity Audio player ready... Yon polisye pèdi lavi l anba bal asasen bò lopital Bernard Mevs la jodi vandredi 12 avril 2024....

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Trois ans après l’assassinat des 5 policiers à Village de Dieu, le Syndicat National des Policiers Haïtiens déplore...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... SYNAPOHA mande pou Direksyon jeneral lapolis la pwoteje baz CIMO a ki anba menas bandi Dènye tan sa...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Le policier Lector Roobens tué de plusieurs projectiles à proximité de la Faculté d’odontologie, rapporte le SYNAPOHA. Le...