Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

AMI-KAL GWOUP, yon gwoupman ki kreye pou bay Volebòl jarèt anndan peyi a

AMI-KAL GWOUP, yon gwoupman ki kreye pou bay Volebòl jarèt anndan peyi a

Nan yon ti bat bouch nou tè fè ak Pedro Cedme, ki se yo jèn natif nan vil tigwav, li te prezante bay Juno7 gwoupman espòtif sa ki pote non AMI-KAL GROUP, ki se yon estrikti li mete kanpe pou fè pwomosyon espò nan peyi Dayiti, sitou disiplin Volebòl.

Aprè anpil chanpyona espòtif CEDME Pedro òganize nan zòn degan nan vil Tigwav, Pedro di li te wè nesesite pou l mete kanpe yon estrikti ki kapab mete an valè jwèt volebòl nan peyi a. Daprè eksplikasyon  li ba nou, se sou ide sa li te fokis pou mete kanpe nan lane 2015 AMI-KAL GROUP ki vize kreye bon kondisyon vi pou espòtif pa bò isit, patikilyèman pou voleyè ak voleyèz.

“Pa gen vizibilite, pa gen lajan sikile jwenn atlèt espòtif yo, sitou volebòl. Avan, nou t ap travay pou amelyore kalite chanpyona nou yo ak jwè yo epi ofri yo lajan kòm prim, kounya nou vin reyalize ke volebòl ayisyen an ap soufri anpil paske pa gen inovasyon. Antanke jwè ak kotch k ap evolye nan sektè a, mw pa satisfè de jan milye a ap evolye a, pou rezon sa mw te vle pote sipò pa m . Donk se sa k fè nou vin ak pwojè sa yo”, eksplike Pedro CEDME.

Pwojè pou pèmèt travay sa rive nan pwen li vle a deja sou papye daprè eksplikasyon Prezidan AMI-KAL GROUP la, CEDME Pedro, tankou kreye premye sit wèb volebòl ayisyen an, yon emisyon an liy, yon magazin volebòl ayisyen ak anpil lòt.

“Nou remake pa gen yon espas ki pwòp a volebòl epi pa gen yon espas pou vann jwè yo epi sipòte yo. SIT WÈB ki ap premye sit volebòl ayisyen ap yon kote pou devlope aspè dijital volebòl, kreye achiv ak baz done pou jèn ak ansyen ki ap evolye nan espò ak antreprenarya. MAGAZIN TREZÒ LOKAL, ap gen pou enfòme piblik la sou evolisyon jwè yo, jwèt la pou mete yo an valè, yon emisyon an liy pou konnen espòtif nou k ap yon espas maketin pou yo ,” detaye CEDME  pou Juno7

TREZÒ LOKAL BRAND se ap non tout aktivite ke AMI-KAL GROUP ap gen pou òganize. CEDME pale tou de mak TREZÒ LOKAL k ap prezante sou «hoodie», mayo, valiz espò, ak kepi.

“Mwen deside rele tout aktivite n ap fè yo TREZÒ LOKAL, se yon ideyoloji mwen kreye pou fè santi a tout espòtif ke yo gen valè ke yo dwe fyè de tèt yo ak travay y ap fè nan sosyete a. Se yon estim de swa ki dwe kòmanse sikolojikman pou aprann jèn yo kwè nan tèt yo”.

AMI-KAL GROUP ap gen pou lanse nan peyi a yon chanpyona rejyonal ki rele 3×3 k ap rejyonal avan, aprè l ap gen pou li nasyonal yon fason pou kreye plis aktivite epi pèmèt yo jwenn yon bon chanpyona nivo nan mwa dawout k ap vini la.

Nan chache konnen si AMI-KAL Gwoup ap travay de konsè ak federasyon volebòl la, mesye Pedro te reponn konsa

“Wi, Non. Wi paske nou pwomouvwa volebòl epi eseye devlope jwèt la plis. Non, paske nou poko travay sou okenn pwojè ak chita reyini ak yo. Men nou an kontak ak manm federal ki konn ede nou reyalize aktivite nou yo. Tankou Frantz Eddy JOACHIM  ki se dezyèm vis prezidan ak Yves Joseph LARRIEUX ki se direktè teknik nasyonal”.

CEDME ki di li remake travay federasyon volebòl la ap fè malgre tout difikilte yo te ka rankontre fè konnen tou ke manke vizyon ak inovasyon bò kote dirijan yo.

” Pèsònèlman mwen remake federasyon an ap fè anpil efò malgre tout difikilte ekonomik peyi a enpoze akoz enstabilite. Nou dwe sèten nan yon ang manke vize pou kreye inovasyon nan milye a. Teknikman volebòl la gen anpil travay pou li fè. Fòk gen plan pou volebòl la vin rantab li pa ka an ti zanmi”, swete natif vil tigwav la.

Pou fèmen entèvyou a, CEDME Pedro di li espere pwojè AMI-KAL GROUP yo amelyore aspè vizyèl jwèt la, swanye imaj atlèt yo epi pèmèt gen yon antrepriz ki ka kòmanse pran kèk jwè volebòl pou vini anbasadè yo. Li ankouraje tou konpetisyon espòtif entè eskolè yo anndan peyi a.

Dekouvri plis:

La position de Me André Michel sur 5 grands dossiers de l’actualité

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu