Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Anbasad ameriken prezante bay MENFP 2 pwogram sou ansèyman lang, syans ak edikasyon

Anbasad ameriken prezante bay MENFP 2 pwogram sou ansèyman lang, syans ak edikasyon

Anbasad ameriken an Ayiti prezante bay minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat 2 pwogram patenarya sou ansèyman lang, syans ak edikasyon sou anviwònman.

Atache kiltirèl Anbasad ameriken an nan Pòtoprens, Wiliam Bellis ki te akonpaye ak Romuald Zamy, te rankontre ak minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat yè mèkredi 30 mas 2022 a, nan lokal Enspeksyon Jeneral Administrasyon Edikasyon Nasyonal la ki chita kò l nan Miso, sou wout Boudon an. Rankont sa se nan kad 2 pwogram koperasyon Anbasad ameriken an te vin prezante ak minis lan.

Youn nan pwogram yo gen pou wè ak amelyorasyon ansèyman anglè nan lekòl yo selon sa yon nòt ministè a met deyò fè konnen. Selon eksplikasyon yo, pou pwogram sa arive fèt, gen yon mekanis MENFP ak Anbasad la ap mete an plas kote y ap gen pou seleksyone yon premye gwoup anseyan sètifye pou pwogram lan ki dwe sòti nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo, selon sa nòt la fè konnen.

Pi lwen, nòt sila eksplike pou l di kowòt sa pral swiv yon fòmasyon entansiv lòt bò dlo aprè y ap retounen pou vin reprann fòmasyon sa pou lòt anseyan yo. Nòt la baze l sou eksplikasyon Williams Bellis.

Minis Nesmy Manigat sou bò pa l akeyi pwogram patenarya sa. Selon sa l di, pwogram sa pral devlope nan kontèks refòm kourikoulòm lekòl la sòti nan preskolè pou bout nan segondè.

Dezyèm patenarya a dwe chita sou pwogram « Globe » ki se yon pwogram ki pou kreye vokasyon pwofesyonèl. Selon detay yo, pwogram sa la pou chèche devlope enterè kay elèv yo pou syans ki gen rapò ak anviwònman. Pwogram sa gouvènman ameriken an lanse li depi 1995, li touche plis pase 30 mil anseyan k ap travay nan plis pase 30 mil lekòl nan 119 peyi nan mond lan.

Minis Manigat akeyi dezyèm pwogram lan ak menm enterè a selon sa nòt la fè konnen.

Rete kounya pou pwogram sa yo demare epi gade ki rezilta yo ka pote. Toutfwa, n ap fè w konnen gen lòt echanj ki dwe fèt ant Ministè a ak Anbasad Ameriken pou sa ki konsène pwogram Globe la ki ka pèmèt yo debouche sou siyati yon memorandòm.

Anbasad ameriken prezante bay MENFP 2 pwogram sou ansèyman lang, syans ak edikasyon

Dekouvri plis:

Décès de la chanteuse haïtienne Yanick Étienne

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Le pays rejoint la Coalition mondiale pour l’alimentation scolaire, soutenant l’éducation et l’agriculture locale. Haïti a officiellement rejoint le mercredi 12 février 2025 la...

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Edikasyon an kolaborasyon ak UNESCO ak PROGETTOMONDO pou ranfòse ansèyman matyè ki prepare jèn pou lavni. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)...

Éducation

Vers une meilleure prise en compte des revendications dans le secteur éducatif. Le ministre de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) ,...

Éducation

Reconstruction de l’École Saint-Jean l’Évangéliste : un partenariat entre le MENFP et les Frères du Sacré-Cœur Un projet éducatif ambitieux financé par la Banque...