Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anndan yon lèt tou louvri, Nesmy Manigat pale ak anseyan yo sou kesyon kondisyon travay yo

Anndan yon lèt tou louvri, Nesmy Manigat pale ak anseyan yo sou kesyon kondisyon travay yo

Anndan yon lèt tou louvri, Nesmy Manigat pale ak anseyan yo sou kesyon kondisyon travay yo epi anonse yo jefò k ap fèt pou amelyore kondisyon yo.

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, nan yon lèt tou louvri li ekri ak anseyan lekòk piblik yo fè konnen li toujou dispoze pou kontinye chita pale sou tout dosye sektè a, nan limit misyon ministè l ap dirije a pandan l te tou pwofite anonse kèk repons li ka kòmanse pote avan chita pale yo kontinye sou revandikasyon yo li estime ki lejitim.

Responsab edikasyon nasyonal la raple nan sa ki konsène reta pou resevwa chèk salè, Ministè Edikasyon Nasyonal deja pibliye yon nòt pou anonse li kòmanse peye mwa mas 2023 sa a. Epi asire gouvènman li fè pati a pral fè tout sa ki posib pou rezoud pwoblèm sa a.

Anndan menm lèt sa, Nesmy Manigat te kontinye pou l di : “pou sa ki konsène chèk Direksyon Depatmantal Edikasyon kenbe apre rapò direktè lekòl yo sou sitiyasyon plizyè pwofesè ki pa vin travay depi kèk mwa, ministè a demare resansman tout lekòl nan peyi a depi 27 mas 2023 pase a, yon fason pou li genyen avan lontan lis tout pwofesè k ap travay tout bon vre. Se yon fason pou ministè a jwenn lajan pou pwopoze nominasyon pou anseyan ak pèsonèl administratif ki poko nome yo.

Fas ak pwoblèm sosyo politik ak kesyon ensekirite a k ap vale teren, Nesmy Manigat di l konsyan kondisyon travay pwofesè yo pa fasil. “ministè a fèk pran desizyon pou mete an plas yon patenarya ak Asosyasyon Sikològ Ayisyen pou voye je sou byennèt elèv ak anseyan, kote nou ka rele gratis nan nimewo (29199000).

Men nou p ap kanpe la, n ap kontinye travay pou rezoud sa yon Gouvènman tranzisyon ka rezoud, tankou sa te fèt nan ajisteman salè ki te bay ane 2022 a, nan aktyalizasyon pwopozisyon griy salè 2014 la pou lè gen Palman ak Gouvènman apre eleksyon, san konte nan plizyè fòmasyon pou anseyan k ap reyalize nan ane lekòl 2022 – (ak) 2023”, daprè sa l di.

Minis lan fè konnen pòt ministè a louvri pou anseyan yo pou kontinye diskite ak yo epi prepare negosyasyon ki posib ak rès estrikti nan Leta a pandan l te pwofite salye e ankouraje rès 70% anseyan k ap travay nan sektè prive a.

Li pale ak yo pou l fè yo konnen misyon. “Ministè a konte sou nou pou chantye transfòmasyon peyi D Ayiti atravè transfòmasyon edikasyon, nan mete kanpe yon kourikoulòm andojèn ki chita sou listwa, kilti, bezwen ekonomik ak syantifik Ayiti, jewografi kontinan an, ak konpetans pou 21yèm syèk sa.”

Minis lan pwofite lèt sa pou l mande anseyan yo yon gwo sèvis pou yo kontinye fè sakrifis pou sove rès ane lekòl la padan Gouvènman an ap travay pou satisfè revandikasyon nou yo ki pa ka tann.

Anndan yon lèt tou louvri, Nesmy Manigat pale ak anseyan yo sou kesyon kondisyon travay yo

Dekouvri plis:

Belize : l’opposition dénonce la décision du gouvernement d’exiger un visa d’entrée aux Haïtiens

1 Comment

1 Comment

  1. JBL

    20 avril 2023 at 15h37

    Minis lan Fe respew tande ak edikasyon nan peyi a

Laisser un commentaire

Plus de contenu