Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anpil kout bal ap chante divès kote nan Pòtoprens

Anpil kout bal ap chante divès kote nan Pòtoprens
Getting your Trinity Audio player ready...

Gwo laperèz lakay sitwayen yo akoz anpil kout bal k ap chante divès kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Bagay yo kontinye egzajere divès kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kote gwoup gang yo pa sispann pete kout bal pasi pala. Madi 19 mas 2024 la nan aswè, divès komin tankou Petyonvil, Dèlma, Taba konnen gwo van panik kote anpil kout bal tap chante nan tout direksyon.

Nan Petyonvil, moun nan plizyè zòn tankou Jivena, Wout Frè, Meyòt, Pèleren, Piblen, Pegivil…fè konnen yo pase prèske yon nuit blanch akoz nèg ak zam yo pat deside bay vag. Tout mèkredi 20 mas la nan maten, Juno7 te rive konstate sitiyasyon an toujou difisil nan Petyonvil kote anpil kout bal tap chante nan Petyonvil blòk 7è30 nan zòn Plas Bwaye e se menm bagay la tou nan Pegivil.

Pou komin Taba, sitiyasyon an pa dous menm kote nèg ak zam detèmine pou fè sa yo vle sitou nan zòn baz BIM lan nan Klèsin, kote gen yon blennde lapolis nan kafou sa a ki detèmine pou fè fas kare ak bandi yo.

Dapre enfòmasyon Juno7 konfime, gen plizyè moun ki rete nan zòn sa a klèsin ki rive soti blese. Malgre apèl yo fè pou mande lapolis pote yo sekou, anyen pa janm fèt.

Parapò ak sitiyasyon sa a aktivite yo paralize totalman divès kote, sitou nan Dèlma kote anyen pa louvri e se menm bagay la tou nan Petyonvil, kote gen plizyè lekòl ki te louvri pòt yo ki voye elèv yo al lakay yo depi bò 8è nan maten.

Anpil kout bal ap chante divès kote nan Pòtoprens

À lire aussi :

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 20 Mars 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Pòtoprens: yon gwo dife eklate nan Ri Chareron lakoz kèk kay boule. Yon gwo dife eklate yè swa...