Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pòtoprens: yon gwo dife eklate nan Ri Chareron lakoz kèk kay boule

Pòtoprens: yon gwo dife eklate nan Ri Chareron lakoz kèk kay boule

Pòtoprens: yon gwo dife eklate nan Ri Chareron lakoz kèk kay boule.

Yon gwo dife eklate yè swa nan Pòtoprens, zòn Ri Chareron kote 2 kay boule selon enfòmasyon yo. Moun pèdi anpil bagay swit ak ensidan sa, selon sa yo di nan mikwo laprès.

Selon temwanyaj plizyè abitan ki abite zòn lan ki t ap dòmi men ki te oblije kouri soti, yo fè konnen se yon moun ki konn vann gaz lakay li epi balèn tonbe dife a tou eklate epi lakoz dega sa yo.

Aprè dife a te fin eklate, ponpye Dèlma te fè dilijans rive pou limite dega yo kote dife a te ap mache anba je moun zòn yo ki te rete enpwisan fas ak sa k ap pase a.

Aprè dife sa poko gen bilan sou dega mareryèl yovoubye si gen moun ki ta pèdi lavi yo Toutfwa, kèk moun di yo pèdi komès, yo pèdi tout sa yo te gen lakay yo, gen moun se pye atè yo te kouri pou chape poul yo.

Si sitwayen zòn yo fè konnen se yon balèn ki ta lakoz sa anndan kay yon moun ki abitye vann gaz, rete ak otorite konsène yo ki pou louvri yon ankèt pou detèmine koz dife sa.

Pòtoprens: yon gwo dife eklate nan Ri Chareron lakoz kèk kay boule

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 21 décembre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Gwo laperèz lakay sitwayen yo akoz anpil kout bal k ap chante divès kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Bagay yo kontinye egzajere divès...