Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

Antèman militant Marie Antoinette Duclaire ap chante samdi 24 jiyè nan komin Chantal

Antèman militant Marie Antoinette Duclaire ap chante samdi 24 jiyè nan komin Chantal
Getting your Trinity Audio player ready...

Fineray militant Marie Antoinette Duclaire ap chante nan komin Chantal, 24 jiyè k ap vini la.

Fineray militant Marie Antoinette Duclaire ap chante samdi 24 jiyè 2021 an, nan pawas Sainte Jeanne ki twouve l nan komin Chantal, depatman Sid peyi a.

Apre anpil atant, dat fineray militant Netty Duclaire konfime pou samdi k ap vini la apre li te fin mouri asasinen 29 jen pase a, nan Kriswa, bò lakay jounalis Diego Charles ki te tonbe tou jou swa sa ki antere li menm madi 13 jiyè ki sot pase a nan depatman Grandans, komin Mafran.

Byen avan fineray Marie Antoinette, demen vandredi a ap gen yon veye patriyotik k ap fèt nan sal pawasyal Chantal la, bò 7 è nan aswè.

Marie Antoinette Duclaire se te yon sosyològ, li fèt 31 oktòb 1987 epi mouri 29 jen 2021. Marie Antoinette Duclaire te anime yon emisyon sou RSF epi li te manb estrikti politik ki rele Matris Liberasyon kote li te jwe wòl pòt pawòl. Li te kofondatè medya an liy ki rele Larepiblik.

Antèman militant Marie Antoinette Duclaire ap chante samdi 24 jiyè nan komin Chantal

Dekouvri plis:

Les États-Unis nomment un nouvel envoyé spécial pour Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu