Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Antèman polisye Patrick Anozard chante jodi samdi a

Antèman polisye Patrick Anozard chante jodi samdi a

Se jodi samdi 27 fevriye 2021 an, antèman ajan SWAT TEAM ki rele Patrick Anozard chante nan lokal lekòl nasyonal polis la ki sou wout frè.

Antèman sa te gen prezans direktè jeneral polis nasyonal la, Léon Charles. Te genyen tou prezans premye minis Joseph Jouthe ak minis jistis la Vincent Rockfeller san konte zanmi, fanmi ak pwòch viktim lan ki te vin rann li yon dènye omaj.

Patrick Anozard te jwenn lanmò l 5 fevriye pase a nan egzèsis fonksyon l pandan te gen afwontman ant lapolis ak gwoup polisye ki bay tèt yo non « Fantom 509 ». Afwontman sa ta pral lakoz Patrick Anozard bwè dlo bouch li epi kite 2 pitit gason dèyè k ap leve san papa.

DG Léon Charles bay defen an grad ajan 3 a tit « Posthume » ki te ajan 2 nan vivan l. Byen avan antèman an, direktè jeneral lapolis la te rann li Jakmèl jou ki sot pase yo kote li te vizite fanmi polisye a epi fè foto ak 2 pitit gason li pati kite yo.

Premye minis Joseph Jouthe anndan yon twit enfòme li te rankontre madanm ak fanmi polisye a avan antèman an epi pwomèt gouvènman li an ap asire yo bon jan asistans ak akonpayman.

Dekouvri plis:

Pourquoi Haïti ne doit pas rater la révolution Blockchain?

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Décédé le 21 avril à l’âge de 88 ans, le Souverain pontife sera inhumé à la basilique Sainte-Marie-Majeure, après une messe célébrée sur le...

Actualités

La PNH a procédé à un changement de commandement dans le Sud, avec l’installation du Commissaire divisionnaire Allan Serge Jolicoeur à la tête de...

Sécurité

La Police Nationale d’Haïti démantèle un réseau présumé de trafic d’armes, avec des liens vers une figure recherchée, Ti Nana. La Police Nationale d’Haïti...

Actualités

Des armes et munitions saisies par la Police dans la localité de Trianon, commune de Mirebalais. Dans une note, la Police Nationale d’Haïti (PNH)...