Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo cho

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo cho

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo pou 7 ak 8 me k ap vini la, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo cho. 

King Chinwa yo san zatann mete rezo sosyal yo cho jodi samdi a ki se dènye jou nan mwa avril la. Nan yon videyo 37 segond,  Wendy anonse yon nouvo pwojè  k ap soti 3 me k ap vini la. Rapè a ki gen anpil Chinwa k ap tann li, fè pòs sa aprè atis Baky Popilè te fin anonse dènyeman li ap soti 2 album pou 7 ak 8 me. Pou anpil moun k ap kòmante, yo estime semèn sa k ap vini la deja anonse lakoulè bò kote fanatik 2 rapè yo.

Anndan videyo sa, Wendy chita sou yon biwo, li abiye tou de nwa, vè li nan men l ap bwè “rhum Barbancourt”, li pa pale, li jis pran plim li epi l ekri «3/3h/3mn/3s». Anpil moun ki konn King lan byen getan konnen li vle di yo ret branche 3 me, a 3 è. Videyo sa getan gade plis pase 13 mil fwa sou kont Twitter Wendy nan moman nou t ap ekri atik la.

Aprè videyo a, Wendy te twit pou l di: «Nou konn PRENSIP la deja CHINWA

Advertisement. Scroll to continue reading.

Nou gen 3 RDV 3 MAI . 3MN 3 SEC. 3 x 3 = 9 👉🏿  9 MAI LIVE IG poum Esplike nou PLAN ..Epi 3 JUI .. 3H 3MN 3S  … SAISON 2 PART 1 ».

Baky Popilè sou bò pa l, aprè anpil kritik bò kote entènot ki toujou ap mande album  li te toujou anonse a, deside delivre machandiz la 7 ak 8 me sa. 7 me Rap ap rete Rap ap soti, epi 8 me Chante ap ret Chante. Jou sa yo bagay yo pral move anpil sou rezo sosyal yo. 

Olfton Benoît ki se yon jèn animatè nan sektè mizikal ayisyen an kontan poutèt 2 atis yo ap lage prèske menm lè, li eksprime santiman l sou kont Twitter li aprè pòs Wendyyy an: “Mwen te anvi wè sa lontan, mwen te anvi wè Wendy ak yon lot rapè lage nan prèske menm epòk. Mwen enpasyan pou m wè  kijan sa pral pase ant  Baky ak Wendy nou jou k ap vini yo la.2 gwo talan, 2 gwo rapè, viktwa pou tout fanatik mizik!”

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo cho

Dekouvri plis:

Haiti-Ed For Kids encourage l’excellence et soutient des enfants défavorisés dans le Grand Nord 

Advertisement. Scroll to continue reading.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

 Promesse tenue par Baky en soutien au Collège Saint-Jean des Cayes et l’hôpital CARAMED. Baptista Lugendy St-Hubert connu sous son nom d’artiste Baky a...

Culture

 “Dènye lèt (depresyon)”, le morceau tant apprécié sur le dernier projet musical de Baky Popilè traitant de la dépression et la mélancolie. L’artiste Baky...

Culture

 “Kay blan” de Wendy, un morceau qui fait surface à un moment où le pays connaît des problèmes sociopolitiques. L’artiste Wendy Traka surnommé “King...

Culture

 Redaksyon Juno7 te rankontre ak jèn atis feminen ki rele Tayou la Diva nan kad yon entèvyou ki te plis aksantye sou yon mizik...