Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yole Derose pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis la pou mizik “Mèsi” a

Yole Derose pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis la pou mizik "Mèsi" a

Yole Derose soti nan silans li epi pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis la pou mizik “Mèsi” a.

Sa gen anviwon 4 jou depi anpil pawòl anpil sou koze mizik “Mèsi” ki sou album III Wendyyy a ki jwenn yon copyright pa B.E Relations & Publishing k ap jere tout èv Ansy Derose pou fanmi defen an. Desizyon sa fè anpil chinwa fache sou rezo sosyal yo epi pa sispann lanse anpil pawòl piman bouk nan lide pou montre lwayote yo ak rapè a. Genyen ki menm lèse kwè se paske se Wendyyy ki fè yo aji konsa pou eseye bòykote l.

Yole Derose ki konsène pa eritaj mizikal mari l kite, soti nan silans li nan yon piblikasyon li fè sou Facebook. Li fè konnen pa gen okenn koze bòykotaj k ap regle se yon zafè prensip paske twòp moun eksplwate zèv mari l san otorizasyon.

“Anpil gwo non avize ap eksplwate tout sa nou genyen sou pretèks ke nou te gen kontra ak yo. Mwen envite nou an gras sispann ak kanpay fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè ke se koze bòykotaj ak jalouzi kont Atis la k ap regle. Mezanmi, an n serye! sispann ak radòt sa yo! Wendyyy se yon jèn atis ke mwen apresye depi li fèk kòmanse karyè l. Men lè w deside mete lòd nan yon sitiyasyon fòk ou respekte reg jwèt la. Se yon zafè prensip”, se konsa Yole Derose reyaji nan piblikasyon Facebook la.

Chantèz ayisyèn lan pou pote klarifikasyon fè konnen se li menm ki bay B.E Relations & Publishing responsabilite pou jere zèv mari l depi an 2022. “Konpayi sa te aksepte travay difisil sa a ki se rekipere tout zèv nou ki pou piyay depi lontan sou Net la. Entènèt potko gwo zouti li ye jodi a. Nou te plis ap goumen pou “Droits d’auteurs “ vini yon reyalite lakay nou Ayiti”, se sa l deklare.

Yole Derose ajoute pou l di konpayi a reyaji konsa paske se travay li l ap fè pandan l souliye pa gen okenn demann ki te fèt pou chante Mèsi. “Gen twòp jan pou sa ta regle nan plas tout pawòl dwat e goch sa yo k ap pale avèk menas k ap fèt sou moun konpayi a. An n serye mezanmi”, se konsa diva ayisyèn lan konkli mesaj li a.

Toutfwa anndan yon pòs sou Instagram, Wendyyy te fè konnen pou mizik Mèsi a tout kredi yo respekte epi presize monetizasyon mizik la ta prale pou Ansy Derose otomatikman. Rapè a ki di li aksepte copyright la souliye pou l di objektif la se pa t fè lajan men pito remèsye piblik la epi marye 2 jenerasyon pou rive rann omaj ak yon lejann ki se Ansy Derose menm jan li te fè pou Alan Cavé.

Yole Derose pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis la pou mizik "Mèsi" a

Dekouvri plis:

Des internes de l’hôpital La Paix annoncent un mouvement de protestation pour exiger de meilleures conditions de travail

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

France: En présentant Haïti dans une interview accordée à la Ligue 1 Uber Eats, le grenadier Danley Jean Jacques confie qu’il écoute le rappeur...

Culture

À la découverte de Serge Berry Marès, le beatmaker qui a composé les morceaux instrumentaux de “Solo” et “Plat complet” sur l’album III de...

Musique

CEO, la nouvelle chanson de Wendyyy, récolte un million de vues sur YouTube en l’espace de dix heures qui ont suivi sa publication. Après...

Culture

Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendy chantent les louanges du seigneur. Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendyyy unissent leurs voix sur le morceau “Piwo”...