Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ariel Henry fè konnen l ap kontinye dyaloge ak tout responsab politik ki chwazi pa rantre nan mouvman vyolans

Premye minis Ariel Henry fè konnen l ap kontinye dyaloge ak tout responsab pati politik ki chwazi pa rantre nan mouvman vyolans.

Premye minis Ariel Henry adrese l yè mèkredi 7 fevriye a ak pèp ayisyen an. Chèf Primati a fè konnen depi pwoblèm ensekirite a kòmanse regle wè pa wè ap gen eleksyon paske misyon prensipal yon gouvènman tranzisyon se óganize eleksyon. Li felisite fòs lòd yo tou ki pou li menm ap bay bon sèvis epi anonse gouvènman l ap akonpaye yo. Chèf gouvènman an fè konnen tou l ap kontinye dyaloge ak tout responsab pati politik ki chwazi pa rantre nan mouvman vyolans.

“Map felisite Tout Responsab politik ki chwazi pou yo pa rantre nan mouvman vyolans lan. Depi demen n ap kontinye dyaloge ak yo, ak sosyete sivil la ak sektè prive a pou nou pran ansanm tout desizyon k ap pèmèt nou soti tout bon nan kriz la”, se deklarasyon premye minis Ariel Henry.

Nan menm adrès ak nasyon sa, premye minis Ariel Henry felisite polisye li di k ap fè bon travay, ki gen anpil kouraj epi fè konnen pouvwa l ap dirije a ap kontinye akonpaye yo. “M ap pwofite remèsye tout fòs de lòd nou yo, pou pwofesyonalism yo, pou san fwa yo, pou kouraj yo, nan travay y ap fè nan nuit kou lajounen pou bay popilasyon an sekirite. Gouvènman an fè anpil jefò pou ba yo plis mwayen plis ekipman. M ap felsite yo, e di yo, pèp ayisyen an konte sou yo. Yo bay prèv ke nou gen kapasite pou nou bay rezilta, e nou pral kontinye travay nan sans sa.”

Chèf Primati a te pwofite pale sou fòs etranjè a. Li fè konnen gouvènman an ap fè tout sa li kapab pou misyon etranje an vini rapid pandan l souliye pouvwa a ap fè anpil efò pou li ranfòse kapasite entèvansyon tout fòs sekirite legal anndan peyi a epi rasire pèp ayisyen an yo gen pou yo wè rezilta yo.

Anpil kote anndan peyi a pa sispann mande depa premye minis ayisyen an depi dènye jou sa yo. Responsab Primati a mande moun yo gade kalm yo epi anonse yo pouvwa a ap travay pou aktivite reprann nòmalman epi garanti popilasyon an gen pou jwenn lapè, pwosperite ak devlòpman.

Ariel Henry envite popilasyon an konprann misyon yon gouvènman tranzisyon se kreye kondisyon pou òganize eleksyon. “Depi pwoblèm ensekirite a kòmanse regle, wè pa wè n ap lanse pwosesis elektoral la pou nou remèt pouvwa a bay dirijan pèp ayisyen ap gen pou l chwazi nan bon jan eleksyon.”

Ariel Henry fè konnen l ap kontinye dyaloge ak tout responsab politik ki chwazi pa rantre nan mouvman vyolans

Dekouvri plis:

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis, daprè sa Lionel Lazarre konfime pou Juno7

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Les noms des conseillers Présidentiels ont été envoyés par la Caricom au Premier ministre Ariel Henry. Depuis plusieurs mois, la Caricom s’engage ouvertement en...

Politique

Le Premier ministre haïtien a remis sa démission lors de la réunion du conseil de sécurité sur demande de la Caricom et des Usa....

Actualités

Le Premier Ministre d’Antigua et Barbuda, Gaston Brown, suggère la démission du chef de l’état lors de 46ème réunion de la Caricom. La pression...

Politique

Fabrice Mauriès, ambassadeur de France en Haïti se prononce pour la première fois sur la situation sécuritaire en Haïti. La situation liée aux attaques...