Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Atak pèsonèl kont Marjory Michel: Sektè Demokratik la akize PHTK ak “djobis raketè” ki bezwen pòs minis

Atak pèsonèl kont Marjory Michel: Sektè Demokratik la akize PHTK ak "djobis raketè" ki bezwen pòs minis
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Nan yon nòt ki pote siyati ansyen senatè Nenel Cassy ak Mèt André Michel, Sektè Demokratik la pote solidarite l ak yon nan manb enfliyan li ki se Marjory Michel ansyèn minis kondisyon fanm ak dwa fanm, yo fè konnen ki ap sibi anpil atak pèsonèl sou rezo a epi akize 2 gwoup moun ki dèyè atak sa yo.

Anndan nòt sa, SDP a mande pou sispann atake Marjory Michel. Pi lwen, nòt la voye jete tout kanpay li di k ap fè sou Watsap, Facebook, yon fason daprè responsab SDP yo pou kraze imaj ak kredibilite Marjory Michel yo kalifye ki se poumon Sektè Demokratik ak Popilè a.

Atak sa yo vini sou plizyè gwoup sou rezo sosyal yo ki sanble ak manèv politik kote gen lòt kont ki kreye sou non Marjory Michel k ap ekri kòmkwa ing Marjory Michel lan ta lye ak rejim PHTK elatriye. Nan sans sa, Sektè a fè konnen konpòtman sa yo ki se vye pwopagann ak mechanste p ap kraze konfyans popilasyon an gen nan ansyèn minis lan pandan li fè konnen se dosye ak prèv ki pale se pa zen politik sou rezo Sektè a kalifye ki san fon ak lojik.

Sektè a akize 2 kalte moun

Manb Sektè Demokratik la rete kwè se PHTK ak Djobis raketè ki gen men kache dèyè sa yon fason pou ale negosye djòb minis.

Malgre tout ale mennen vini sou rezo sosyal yo kont Madam Marjory Michel, SDP klè kou dlo kòk nan mesaj li an pou fè konnen li renouvle konfyans li a 500% nan madanm lan ke l kalifye yon fanm solid ki chaje konviksyon epi siyale ke Marjory Michel pa t janm PHTK, li pa danse kole ak rejim sa epi endike ke madam Marjory sèmante 77 fwa 7 fwa l ap rete kole ansanm ak Sektè Demokratik ak Popilè.

Yon ènyèm fwa, manb Sektè a raple ke yo pa nan negosiyasyon, kowabitasyon, referandòm, eleksyon, ak Jovenel Moïse.

N ap raple w sa gen kèk jou SDP a deside pa kolabore ak DIRPOD yon lòt branch nan opozisyon. Yon branch ki sanble pa twò pataje menm lide ak SDP alevwa ap pale menm pawòl. Pou anpil moun, se mezantant sa yo ki ta pouse divòs sa ant 2 branch lopozisyon moun plis konnen.

Atak pèsonèl kont Marjory Michel: Sektè Demokratik la akize PHTK ak "djobis raketè" ki bezwen pòs minis

Dekouvri plis:

Koup Dewòp: anpil jwè Bèlj refize pran vaksen “Jab Pfizer” kont Kowonaviris

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Politique

Le directoire du SDP rencontre l’ambassadeur de France accrédité en Haïti, Fabrice Mauriès, autour de la situation Politique du pays. Le directoire du SDP...

Politique

L’installation du Haut Conseil de la Transition est un pas dans la bonne direction, pour certains acteurs politiques et des membres de la société...