Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Koup Dewòp: anpil jwè Bèlj refize pran vaksen “Jab Pfizer” kont Kowonaviris

Koup Dewòp: anpil jwè Bèlj refize pran vaksen "Jab Pfizer" kont Kowonaviris

Nan anviwon 8 jou se pral dewooulman Koup Dewòp la, yon konpetisyon ki te sipoze fèt depi ane pase men òganizatè yo te repòte l akoz maladi kowonaviris la ki t ap boulvèse mond lan. Se rezon yo toujou nome l “Euro 2020”.

A kèlke jou gwo konpetisyon sa, mwatye jwè nan ekip foutbòl Bèljik la derefize pran vaksen kont kowonaviris la paske anpil nan yo gen krent pou vaksen sa pa gen efè segondè sou yo ki kapab detwi tout espwa yo pandan tounwa a ki ta vle di redui sou pèfòmans yo, selon medya bèlj HLN.

Se gouvènman peyi Bèljik ki bay lòd ak dizon l pou jwè yo resevwa vaksen “Jab Pfizer”, federasyon an ensiste pou fè konnen se yon desizyon trè enpòtan. Se yon ti ponyen jwè ki pran dòz vaksen sa, pami yo se Toby Alderweireld, Timothy Castagne, Thibault Courtois ak Thomas Vermaelen.

Selon enfòmasyon k ap sikile ta lèse kwè efè segondè vaksen sa bay fatig, tèt fè mal, doulè manm, frison, doulè atikilasyon ak fyèv ki kapab afekte plis ke yon moun sou 10.

Pou pa fè twòp pawòl anpil, Dirk Ramaekers k ap dirije gwoup travay Bèljik sou estrateji vaksinasyon kont maladi a deklare ke yon gwoup jwè deja resevwa jab la pandan sèten lòt prefere resevwa dòz pa yo a apre konpetisyon an fini.

Bèljik ki se premye ekip nasyonal foutbòl selon klasman FIFA a ap demare premye match li 12 jwen kont ekip Risi a nan vil Saint-Pétersbourg. Bèljik se youn pami seleksyon bò kote Frans, Pòtigal ki se favori pou ta ranpòte koup Dewòp sa.

Koup Dewòp: anpil jwè Bèlj refize pran vaksen "Jab Pfizer" kont Kowonaviris

Dekouvri plis:

3 Juin 1770: un tremblement de terre ravagea Port-au-Prince

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu