Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Atelye ak mach “Libète nan pwezi”, yon fason pou itilize pwezi pou fè sansibilizasyon

Atelye ak mach "Libète nan pwezi", yon fason pou itilize pwezi pou fè sansibilizasyon
Crédit Photo: Richard Pierrin

Aksyon Powetik se 2 jounen ki gen pou wè ak pwezi powèt Ricardo Boucher te reyalize jou ki te lendi 3 ak madi 4 me a nan Pòtoprens, ki se yon atelye pwezi ak yon mach powetik.

Lide 2 jounen sa jan nou di nan koumansman tèks la se yon inisyativ Ricardo Boucher t ap karese depi lè li te koumanse ekri pwezi sou mi nan lari Pòtoprens. Li te gen lide sa paske selon sa l di, li te reyalize aksyon powetik li yo pa ka rete fèmen sèlman nan ekri pwezi sou mi. Se rezon li fè yo pran lòt fòm pwotestasyon tankou Mach ak atelye pwezi.

Atelye ak mach "Libète nan pwezi", yon fason pou itilize pwezi pou fè sansibilizasyon

Crédit Photo: Richard Pierrin

Pi lwen nan eksplikasyon li yo ak redaksyon Juno7 la, powèt Ricardo fè konnen objektif la pa chanje, lide sa te pran nan objektif pou itilize pwezi kòm youn nan zouti pou konbat betiz la ki fin tounen selon sa l di yon eta nòmal anndan ti bout teritwa a. Objektif la tou se itilize pwezi pou fè sansibilizasyon sou libète ak dwa moun, se pèmèt tou konsyans politik ak ideyolojik domine yo leve nan lide pou debouche ak yon liberasyon mas popilè yo, selon eksplikasyon jèn powèt angaje a.

Pandan 2 jou sa yo, nan atelye libète nan pwezi a te gen 3 entèvenan ki se Louis Bernard Henry ki te pale sou tèm istwa ak pwezi. Wasly Simon te pale sou pwezi kòm zak politik epi Ricardo Boucher ki te abòde tèm pwezi kòm yon zouti edikasyon popilè. Apre entèvansyon yo, te gen yon egzèsis ekri kòm devwa pou lakay yo te bay ak patisipan yo.

Premye jounen an ki konsakre ak atelye a te gen anviwon 20 patisipan, li fèt sou Channmas, plas Desalin.

Atelye ak mach "Libète nan pwezi", yon fason pou itilize pwezi pou fè sansibilizasyon

Crédit Photo: Richard Pierrin

Mach powetik la te demare plas jeremi pou bout plas Kalbwa kote te gen komedyen Kavalye, komedyèn Jenny, eslamè Malcom ki te ladan l sou tout pakou a.

2 jounen sa te administre pa Lesly Maxi. Aktivite sa te jwenn sipò FOKAL. Ricardo Boucher te pwofite fè konnen l ap prepare soto rekèy powèm li, l ap kontinye batay powetik la sou mi yo, kontinye fè atelye pwezi sou plas piblik nan kapital la kou pwovens. Epi tou anonse yon pwojè kolektif ki sou wout kanpe ki rele LI-VRÉ.

Dekouvri plis:

8e édition du salon du Droit autour de la médiation dans la résolution de conflits

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu