Connect with us

Hi, what are you looking for?

Justice

Avoka CEH yo pral mande komisè gouvènman an fè limyè sou dosye dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma

Avoka CEH yo pral mande komisè gouvènman an fè limyè sou dosye dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma
Getting your Trinity Audio player ready...

Avoka Konferans Episkopal d Ayiti yo ap depoze yon rekèt devan komisè gouvènman an pou limyè fèt sou dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma.

Nan yon kominike li mete deyò jodi vandredi premye mas la, Konferans Episkopal d Ayiti anonse batri avoka l pral depoze yon rekèt devan komisè gouvènman Pòtoprens lan pou mande l mete aksyon piblik an mouvman nan lide pou limyè kapab fèt sou gwo dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma jou ki te dimanch 18 fevriye a. Si jij de pè te ale fè konsta pou gade sa k rive a, responsab legliz yo twouve li nesesè pou lajistis di sa k te pase jou sa kote Monseyè a te arive boule epi ap pran swen nan yon lopital Etazini.

“Avoka nou yo pral depoze yon rekèt bay Komisè Gouvènman an pou mande l mete Aksyon piblik an mouvman sou dosye a. Depi gwo evenman konsa fèt, Lajistis dwe al fouye pou konn sa k pase a”, se sa responsab Konferans Episkopal d Ayiti yo ekri nan kominike sa pandan yo souliye otorite Legliz nan Vil Wòm, lòt Legliz Sè yo, Legliz Ayiti, tout sitwayen nan peyi a bezwen konnen sa k lakoz gwo eksplozyon sa.

Kominike a souliye Monseyè Dumas ap soufri anpil. Fanmi l ap soufri. Evèk yo, pè yo, fidèl dyosèz « Anse-à-Veau/Miragoâne », tout sitwayen ki gen bòn volonte ap soufri pandan li asire gen espwa paske Monseyè a kontinye ap pran swen nan yon lopital aletranje, nan peyi Etazini. “N ap lapriyè pou gerizon li. N ap lapriyè pou li kapab retounen vin jwenn nou, retounen nan dyosèz li, reprann travay anonse levanjil renmen, jistis ak lapè a”, se sa manb Legliz la espere anndan kominike a.

Kominike a te tou pwofite pote solidarite l ak moun yo kidnape epi raple ak otorite peyi a se yo menm ki gen reskonsabilite sekirize peyi a. “Lavi pèp la sou kont nou paske depi w aksepte pou w reskonsab, ou aksepte tout privilèj, tout devwa ak tout tèt chaje sa pote.”

Konferans Episkopal d Ayiti pou fini di l ap tann rezilta travay Polis syantifik la, l ap tann rezilta ankèt la epi mande BonDye lapè ak jistis pou Ayiti epi gerizon pou Monseyè Pierre André-Duma.

Avoka CEH yo pral mande komisè gouvènman an fè limyè sou dosye dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma

À lire aussi :

Haiti-Kenya : L’accord pour l’envoi d’une force multinationale enfin signé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu