Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Bandi vilaj De Dye kontinye ap enpoze lwa yo, pou pi piti 2 polisye mouri

URGENT: fortes détonations au Carrefour de l'Aéroport

Granm bonè maten vandredi 12 mas la, lapolis te ale nan vilaj De Dye, sou Bisantnè a, pou mennen operasyon yon fason pou deloje bandi nan zòn sa, operasyon sa te tounen kont fòs lòd yo ki ta lakoz anpil dega.

Nan anpil videyo ki t ap sikile montre omwen 2 polisye abiye an inifòm swat team ta bwè dlo bouch yo, kote endividi ap frape yo, choute yo epi imilye yo. Youn nan polisye sa yo te abite Dèlma 32, apre nouvèl lanmò ajan Swat sa, manman viktim sa te enkosolab sa ki kreye nan moman nou t ap ekri atik la yon mouvman pwotestasyon nan zòn lan. Lòt la se Desilus Wislet ki te lekòl lise Petion epi rantre Fakilte Etnoloji, li te fèmen dosye pandan l ta pral fè twazyèm ane epi ale rantre nan polis, selon sa yon ansyen kanmarad li anndan Fakilte Etnoloji fè nou konnen.

Nan menm videyo sa yo ki gaye tankou lafimen dife sou rezo a, nou ka remake plizyè zam bandi anndan Vilaj ap montre yo sezi ki te pou polisye ki te vin mennen operasyon an.

Nan plizyè videyo sa yo, gen yon blennde nwa ki pou lapolis se bandi ki sou li aktyèlman ak plizyè lòt moun ki monte sou tèt cha, anndan videyo sa yon endividi ap filme epi ap di men cha Izo a, men cha Izo a. Yon cha ki chaje mak katouch.

Daprè dènye enfòmasyon k ap sikile gen yon cha ki boule, youn nan men bandi yo, gen pou pi piti 2 polisye ki mouri, plizyè blese ak sa ki an otaj anba men bandi yo. Jiskaprezan, okenn detay po ko bay ni bilan po ko soti bò kote otorite polisye yo sou aksyon terib sa ki rive a.

Imaj yo vrèman chokan ki sisite anpil kòmantè sou rezo sosyal yo ak endiyasyon epi fristrasyon kay anpil moun.

Dekouvri plis:

Le triomphe de Jouthe, des véhicules aux vitres teintées interdits au palais national

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu