Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Biwo Akò Montana ap pare pou depoze yon plent fòmèl kont gouvènman an ki mande pou fòs militè pile sòl la

Biwo Akò Montana / Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè
Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...
Biwo Akò Montana a anonse li an konsiltasyon ak biwo avoka l pou depoze yon plent fòmèl kont gouvènman Ariel Henry a ki mande pou fòs etranje pile teritwa a.

Yon rezolisyon ki pran nan yon konsèy minis ki te òganize 6 oktòb 2022 a, otorize ak premye minis Ariel Henry pou l mande entènasyonal la èd pou l deplwaye rapid yon fòs etranje sou bout tè a pou kapab fè fas ak kriz imanitè a. Touswit aprè rezolisyon sa soti nan jounal Le Moniteur, Biwo Swivi Akò Montana a kalifye manb gouvènman yo de “traîtres à la patrie” epi fè konnen li rantre an konsiltasyon ak biwo avoka l pou depoze yon plent fòmèl kont moun sa yo.

Anndan nòt sa, BSA fè konnen se gouvènman an, alye akò 11 septanm yo ak sektè mafya lokal ak entènasyonal ki mennen peyi a kote l ye jounen jodia a. “Biwo Swivi Akò Montana konprann byen sa trèt yo t ap pare a. Yo tolere, yo antreteni gang yo, pèmèt yo deplwaye sou teritwa a san yo pa janm menm kontrarye yo, jis pou yo te ka kreye sitiyasyon envivab peyi a twouve l jodi a. Plan an klè, sitiyasyon yo kreye a vinn sèvi pretèks pou yo bay peyi a imiliasyon mande entèvansyon etranjè prese prese”.

Fas ak dezisyon gouvènman an ki mande konkou entènasyonal la pou ta voye prese prese yon fòs ame vin sou teritwa a, manb BSA yo fè konnen yo deja rantre an konsiltasyon ak biwo avoka yo pou kapab depoze yon plent kont tout moun ki enplike nan koze sa epi k ap soutni pouvwa a. “Akò Montana a deja an konsiltasyon ak kabinè avoka l pou l depoze yon plent fòmel kont trèt a lapatri sa yo : Doktè Ariel Henry, Minis siyatè rezolisyon konsèy Minis lawont 7 oktòb la ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur ak tout alye 11 septanm li yo ki rete solidè ak gouvènman sa a ansanm ak patwon gang-milis yo ki kenbe tout peyi a an otaj”.

Nòt sa souliye pou l montre gouvènman an pa gen dwa pran yon desizyon konsa. Pou manb BSA yo se yon krim wot trayizon. “Gouvènman pèsòn pat bay manda a, Premye minis ki pa menm pase devan Palman, ki
enkonstitisyonèl, ki ilegal la, san okenn lejitimite, pèmèt li pran yon desizyon k ap anglouti Nasyon an. Zak sa a pote yon non, li rele Krim Wot Trayizon. Se yon krim konstitisyon an ak lwa peyi a kondane”.

Nan fen nòt la, Biwo Swivi Akò Montana a fè apèl ak Popilasyon an pou kanpe kont desizyon sa. “Lanasyon dwe kanpe doubout pou l fè fas a nouvo kriz sa a gouvènman an ak alye l yo mete peyi a. Se konsansis ant òganizasyon ak fòs patriyotik yo k ap pèmèt peyi a kanpe anfas enyèm okipasyon yo pran tan yo pou byen pwograme a. Sitwayèn, Sitwayen, moman an rive pou nou leve vwa nou wo e fò pou nou di NON ak bòt etranjè Ariel Henry ak akolit li yo bezwzen pou yo ka rete sou pouvwa a.”

Biwo Akò Montana / Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè

Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Dekouvri plis:

L’AHJI rend hommage à Hansy Mars, décédé le 7 octobre 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Les noms des conseillers Présidentiels ont été envoyés par la Caricom au Premier ministre Ariel Henry. Depuis plusieurs...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Fanmi Lavalas et le BSA exigent un délai de 72h avant la tenue de l’élection. La première rencontre...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Le Premier ministre haïtien a remis sa démission lors de la réunion du conseil de sécurité sur demande...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le Premier Ministre d’Antigua et Barbuda, Gaston Brown, suggère la démission du chef de l’état lors de 46ème...