Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Biwo Swivi Akò 30 Dawout denonse mannèv k ap fèt pou asosye non l ak yon dokiman konnsansis nasyonal

Accord Montana: Vers la désignation des candidats aux postes de Président et PM de la Transition
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Biwo Swivi Akò 30 Dawout la di li pa gen anyen pou wè ni pre ni lwen ak dokiman ki rele «Consensus National Inclusif pour une transition de rupture et des élections transparentes ».

Nan yon nòt Biwo Swivi Akò 30 Dawout la mete deyò, li fè konnen li pa gen anyen pou wè ak dokiman ki pote non “Consensus National Inclusif pour une transition de rupture et des élections transparentes”. Responsab BSA yo denonse mannèv yo di k ap fèt pou asosye non Akò Montana ak dokiman sa li pa gen okenn fòm angajman ak li.

Nan kòmansman nòt sa, BSA raple ak chak grenn sitwayen mannèv li estime k ap fèt pou mete non l nan yon dokiman konnsansis nasyonal pandan l fè konnen li te alète pèp ayisyen an sou sa deja anndan yon nòt. “BSA ap fè pèp la sonje nòt piblik nan dat 25 septanm 2022 kote li te denonse manèv BINUH, Dr Ariel Henry ak dirijan VDH la ap fè pou mete non Montana nan yon dokiman li pa gen okenn fòm angajman avè l”, daprè sa manm yo ekri.

Manm BSA yo di yo denonse ak tout fòs yo mannèv sa epi atire atansyon popilasyon an sou moun ki ap mennen aksyon sila ki pa gen anyen pou wè ak yo. “Yon pòt pawòl Akò 11 septanm ak pouvwa anplas la anonse nan laprès yo pral siyen byento dokiman sa a ak Platfòm Montana a e lòt aktè politik ak sosyete sivil la”.

Biwo Swivi Akò a fè konnen «Se yo konplo ant sèten aktè entènasyonal ak kolaboratè lokal yo pou divize sosyete a pi plis toujou, pou pèp la pa ka rasanble fòs li pou leve diyite l».

Nòt BSA a souliye pa gen okenn ògàn ni espas konsètasyon Akò Montana ki ni diskite alevwa bay aval yo sou dokiman sa ki rele “Consensus National Inclusif pour une transition de rupture et des élections transparentes”. Manb yo rete kwè dokiman sa se yon mannèv pou ranfòse an chat pent pouvwa monosefal antidemokratik, ilegal, antikonstitisyonèl Premye Minis anplas la, Ariel Henry, pou toufe revandikasyon popilasyon an pou yon Tranzisyon Koupe Fache. Dokiman sa se yon trayizon kont revandikasyon pèp la, daprè sa ki ekri nan nòt la.

Pou yo fini nòt sa, manb BSA yo fè konnen kèlkeswa moun oubyen òganizasyon ki ale siyen dokiman sa se afè pèsonèl yo y ap regle se pa nan non akò a pandan yo souliye dokiman akò Montana a siyen se “Eléments pour un élargissement du Consensus Politique MONTANA-PEN Modifié-GREH” vers un Consensus Politique National entre les Acteurs Politiques, Economiques et Sociaux”.

Accord Montana: Vers la désignation des candidats aux postes de Président et PM de la Transition

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

4 octobre 2014 : décès de Jean-Claude Duvalier dit Baby Doc

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Fanmi Lavalas et le BSA exigent un délai de 72h avant la tenue de l’élection. La première rencontre de travail de ce samedi 23...

Politique

Signature de l’accord du 21 décembre 2022 : le BSA dénonce plusieurs dizaines de personnalités dont Charles Tardieu. À travers une note rendue publique...

Politique

La BSA opte pour l’assistance technique et logistique à l’Etat haïtien pour le renforcement de la Police nationale et se dit contre une nouvelle...

Actualités

Biwo Akò Montana a anonse li an konsiltasyon ak biwo avoka l pou depoze yon plent fòmèl kont gouvènman Ariel Henry a ki mande...