Connect with us

Hi, what are you looking for?

Justice

“Cercle de Réflexion sur la Justice” mande pou ankèt fèt sou lanmò Mèt Esther Cribe

"Cercle de Réflexion sur la Justice" mande pou ankèt fèt sou lanmò Mèt Esther Cribe

Esther Cribe se non jèn fi sa ki mouri nan lannwit madi 4 me a aprè yon malèz selon sa enfòmasyon yo fè konnen.

Nan yon nòt senpati ki pote siyati Mèt Lacks-Guvens Cadette, Rubens Francis ak Jean Wesner Occilus, eksprime doulè yo aprè lanmò Esther Cribe ki te manb estrikti sa epi pwofite egzije bò kote otorite konsène yo yon ankèt sou sikonstans lanmò fiti  majistra a ki ale trè jèn.

Nan kòmansman nòt senpati sa, Sèk Refleksyon sou Jistis la fè konnen pou raple Esther Cribe se te manb fondatè estrikti sa kote li te okipe anpil pòs.  Nòt la kontinye pou l di Esther Cribe se te yon senbòl detèminasyon pou kominote li t ap viv ladan l lan, se te yon fanm ki gen gwo valè, ki te gen vizyon pou travay , pou yon majistrati endepandant ak espesyalize. Lanmò li ap difisil pou aksepte pa fanmi l, pwòch li ak kominote a, daprè sa nòt la ekri.

Anndan nòt sa, Sèk la fè konnen koz lanmò Esther Cribe la pa eklèsi. Nan sans sa, estrikti a egzije pou limyè fèt pou yon ankèt louvri pa otorite yo sou sikonstans lanmò Mèt Esther Cribe.

Nan fen nòt la, estrikti a voye kondoleyans li bay tout moun ki afekte pa nouvèl lanmò sa.

N ap raple w Esther Cribe boukle etid klasik li anndan Lise Firmin nan lane 2011, san pèdi tan li rantre Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik Pòtopwens kote  etidye Syans Jiridik (2011-2015), aprè etid sa li te pase konkou EMA a epi rantre nan enstitisyon sa kote l t ap swiv fòmasyon pou l vin yon majistra profesyonel , se nan espas sa li santi yon malèz (yon kriz espontane) epi responsab yo te kouri lopital ak li men malerezman li mouri pa la swit daprè enfòmayon Juno7 konfime.

Pwomosyon SIRIUS (2010-2011) anndan Lise  Firmin kote li te pase pa sispann eksprime doulè yo kote sou estati ak paj anpil kanmarad Esther Cribe yo, yo pale de li kòm yon moun saj, ki te renmen lavi, ki te gen yon rèv, ki fè anpil efò, men domaj li ale jèn.

Dekouvri plis:

Décès de Me Esther CRIBBE: la KRIFA exprime sa tristesse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu