Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Claude Joseph kritike MENFP ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen Leta

Claude Joseph kritike MENFP ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen Leta

Claude Joseph kritike ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen bakaloreya.

Ansyen Minis afè etranjè a, Claude Joseph kritike anndan yon tweet chwa Ministè Edikasyon Nasyonal ki chwazi 7 jiyè dat lanmò Jovenel Moïse pou òganize egzamen bakaloreya pandan l te tou pwofite souliye volonte li di pouvwa an plas lan genyen pou efase krim sa.
Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat te raple dat egzamen yo, kote egzamen bakaloreya a pwograme soti 4 pou bout 7 jiyè 2022.

Ansyen premye pou yon ti bout tan Claude Joseph ki pa t pran tan pou reyaji siyale konpòtman otorite nan MENFP yo <<Ministè edikasyon nasyonal chwazi dat 7 jiyè, jou yo te asasinen Prezidan Jovenel Moïse la, pou òganize egzamen bakaloreya.>> li te rapousib pou l di: “Sa montre aklè kouman ekip ki sou pouvwa a ap travay aktivman pou efase krim 7 jiyè a 2021 an.” Pandan l te tou pwofite voye yon avètisman lè l deklare: “Byen konte,mal kalkile. Krim sa a pap ka efase. Memwa JOMO ap toujou ret vivan.”

Sa pa gen twò lontan dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, jij Bernard St Vil deziye yon nouvo jij enstriksyon pou ankete sou dosye asasina Jovenel Moïse la. Walter Wesser Voltaire vini senkyèm jij enstriksyon yo deziye sou dosye asasina Jovenel Moïse la.

Aprè 11 mwa, gen 3 jij ki deja depòte yo de dosye sa se: Mathieu Chanlatte, Garry Orélien ak Chavannes Étienne. Katriyèm jij la ki se Merlan Belabre te ekate pa dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan.

N ap raple pou ou plizyè arestasyon fèt nan kad dosye asasina sa pami yo plizyè kolonbyè, ansyen senatè John Joël Joseph, Rodolph Jaar.

Claude Joseph kritike MENFP ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen Leta

Dekouvri plis:

L’ancien ministre de la culture Jean Emmanuel Jacquet élu président du Centre Pen-Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Assemblée générale des Nations Unies: le parti EDE dézingue le discours du Premier ministre Ariel Henry. Le parti politique les Engagés pour le Développement...

Actualités

A l’invitation du parti EDE, des personnes ont marché ce dimanche 17 septembre en signe de solidarité aux victimes de la violence des gangs....

Éducation

3 889 enfants et 294 enseignants sont hébergés dans 25 écoles à Port-au-Prince, selon une enquête du Ministère de l’Éducation Nationale et de la...

Éducation

Résultats des examens de la neuvième année fondamentale: 85% de réussite au niveau national. Désormais, tous les dix départements du pays ont leurs résultats...