Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba òganize ak plizyè etidyan Fakilte Lengwistik sou lang kreyòl

Yon konferans deba òganize ak plizyè etidyan Fakilte Lengwistik sou lang kreyòl

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an.

Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt kole ak Inivèsite Leta an Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki jwenn sipò tou MIT-Ayiti ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, òganize jodi mèkredi 25 me 2022 a, nan otèl El Rancho, yon konferans deba sou tèm « Kreyòl, yon lang pou fè lasyans ». Objektif aktivite sa ki te rasanble plizyè dizèn etidyan Fakilte Lengwistik Aplike nan inivèsite Leta a, se pou kapab gade kijan yo ka plis valorize lang sa epi pèmèt li layite kò l nan sistèm edikatif ayisyen an.

Nan sal « Epicure » otèl sa, anpil etidyan FLA ki te envite pou sikonstans lan, te fè deplasman pou vin asiste ak gwo chita pale sa ki t ap fèt sou lang ayisyen an ak plizyè espesyalis. Byen avan deba yo ta pral lanse, Anbasadè Lespay la an Ayiti, Sergio Cuesta te pran lapawòl pou montre se yon pa anavan ki pran nan objektif pou ranfòse pozisyon kreyòl la nan sistèm edikatif la.

Touswit aprè, Doktè Haynes Miller ki se manb MIT-AYITI te sitou pote kritik sou enstitisyon Leta yo ki maltrete lang lan nan jan y ap ekri l, epi pwente dwèt sou yo pou montre yo toujou bay plis enpòtans ak lang fransè a pase Kreyòl la. Nan 20 minit entèvansyon l yo, nou te remake souri ki te sou bouch etidyan yo lè espesyalis la t ap pale pou montre mizè lang lan ap pase. Souri sa yo te bay aspè pou montre yo kontan ak sa Haynes Miller t ap di yo.

Pandan konferans sa, plizyè videyo te pase pou piblik kapab koute entèvansyon kèk moun ki t ap montre li pi enpòtan pou timoun yo aprann nan lang manman yo, lang yo santi yo byen.

Michel Degraff ki se yon lòt manm MIT-AYITI te pwofite salye efò ministè Edikasyon Nasyonal ap fè nan pwomosyon lang kreyòl nan lekòl yo. Prezidan AKA a, Rogeda Dorcé Dorcil, te ale nan menm sans ak li pou salye jefò MENFP ki gen nan tèt li minis Nesmy Manigat.

Nimewo 1 MENFP a ki pa t ka prezan akoz li te an deplasman nan Nò peyi a, nan komin Dondon, te entèvni pa videyo konferans pou pale pandan aktivite sa. Li te koumanse nan salye asistans lan ak responsab yo ki òganize aktivite sa.

Yon konferans deba òganize ak plizyè etidyan Fakilte Lengwistik sou lang kreyòl

Li estime modèl aktivite sa yo kapab pèmèt nou avanse pi devan ak lang kreyòl la ki daprè li soude tout ayisyen pou kominike youn ak lòt.

Nesmy Manigat rete kwè toutotan ayisyen gen metriz nan lang manman l, sa ap pèmèt li aprann li pi byen lòt lang ki nan mond lan sitou sa ki plis itilize nan anviwònman an tankou anglè, fransè ak panyòl.

Doktè Jon Sarasua ki te entèvni te sitou pale de sitiyasyon lang Bask nan peyi Lespay ki te gen yon debi difisil paske yo te konn sanksyone timoun ki pale lang sa lekòl, selon sa li rakonte.

Li te kontinye pou li fè konnen lokitè ki nan rejyon sa te milite anpil pou lang sa te rive aksepte kòm lang nasyonal. Gras ak jefò ki fèt, jodi a lang bask se youn nan lang ki gen anpil travay syantifik ki reyalize ladan l. Li panse si nou fè menm bagay pou kreyòl la, n ap kapab rive nan dimansyon sa a. Se pou sa li ankouraje jèn etidyan nan lengwistik ki te prezan yo pou yo pwodui nan lang kreyòl la.

Leevens Vilmé ki se yon etidyan finisan nan Fakilte Lengwistik Aplike te salye inisyativ sa li twouve ki te trè enteresan. Toutfwa, jèn etidyan sa ki se jounalis tou te gen yon kritik paske li estime te dwe gen lòt etidyan lòt Fakilte pou deba a te ka plis parèt enteresan. « M panse li t ap pi enteresan si yo te envite moun ki nan domèn ki diferan ki konprann bagay la (tèm lan) yon lòt jan kòmsi ki panse lang kreyòl la pa ka fè lasyans, lè sa deba a t ap pi enteresan. Pa egzanp envite etidyan nan sosyoloji, syans jiridik, nan tout lòt disiplin yo. Lè se moun nan Lengwistik ou envite li parèt twò senp. »

Dekouvri plis:

Insécurité en Haïti : plus de 450 cas de morts violents entre janvier et mi-mai selon CE-JILAP

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Entre infrastructures, appui scolaire, et initiatives environnementales, le FNE multiplie ses actions pour une éducation accessible et de qualité. Le Fonds National de l’Éducation...

Actualités

L’ancienne directrice du PNCS exprime ses doutes sur une lettre controversée diffusée sur les réseaux sociaux Le 14 novembre 2024, Djina Guillet Delatour, ancienne...

Actualités

L’ancienne coordonnatrice du Programme National de Cantines Scolaires (PNCS), Djina Guillet Delatour, a reçu une demande officielle de restitution de tous les dossiers et...

Éducation

Le ministre Augustin Antoine et les autorités éducatives détaillent les actions en cours pour soutenir les familles et renforcer la transparence au sein de...