Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Delegasyon depatmantal SDP preche linite epi mande konvokasyon asanble jeneral alekstrawòdinè

Getting your Trinity Audio player ready...

Delegasyon Depatmantal ak Rejyonal SDP raple ak tout dirijan yo platfòm lan pa byen prive pèsòn epi mande prese prese konvakasyon asanble jeneral alekstrawòdinè.

Nan yon nòt mete deyò vandredi 5 out 2022 a, manb kowòdinasyon depatmantal ak rejyonal Sektè Demokratik Popilè raple ak tout dirijan platfòm lan pou di yo estrikti a pa byen prive pèsòn ni yon pati politik. Li fè yo konnen tou se wout inite pou yo chache paske daprè manb sa yo divizyon pa ka rezoud pwoblèm lan. Nòt sa soti aprè divizyon ki genyen ant bò Nenel Cassy a ki deside kite akò 11 septanm lan epi reklame yon pouvwa ak 2 tèt pandan gwoup Marjorie Michel ak André Michel fè konnen yo toujou rete atache ak akò sa.

Nan koumansman nòt sa, manb kowòdinasyon depatmantal ak rejyonal yo raple nan ki kontèks estrikti a te pran nesans nan vil Akayè. <<Sektè demokratik Popilè a pran nesans nan yon kontèks espesyal . Zouti politik sa se yon regwoupman pati politik, plizyè Òganizasyon ak plizyè Pèsonalite politik>>, daprè sa k ekri nan nòt la pandan yo te kontinye pou soulinye <<Sektè Demokratik Popilè a (SDP) fonde apati yon kongrè nan komin Lakayè . Li te fè chwa yon LIDÈCHIP KOLEKTIF>>.

Manb yo raple chak desizyon ki ap pran te toujou konn pran aprè tout manb fin reyini. Yo pran egzanp sou akò 11 septanm lan. Kowòdinasyon depatmantal ak rejyonal la estime prensip sa yo vyole, kèk dirijan nan platfòm lan ap regle afè pa yo. Nan sans sa, manb kowòdinasyon yo pa mete dlo nan bouch yo pou deklare: “Nou delegasyon depatmantal ak rejyonal yo ap raple tout Dirijan, SDP se yon byen komen li ye, li pa byen prive pèsònn ni li pa yon pati politik men pito yon platfòm.”

Depi semèn pase a, rezo sosyal yo ap viv mezantant kèk dirijan pati a. Gen moun ki estime estrikti a kraze, gen lòt ki anplwaye mo SDP 1 ak SDP2, sa ki ta mete platfòm lan nan yon move pozisyon. Se rezon sa yo tou, manb kowòdinasyon depatmantal ak rejyonal yo envite dirijan sa yo chache wout inite ak antant. <<Jodi a se wout linite pou n chèche paske divizyon Pa ka rezoud okenn pwoblèm. Espektak gratis k ap vann bay pèp la kounye a, li pa nan dimansyon atant popilasyon an e ni apresyasyon l te gen pou SDP>>.

Fas ak sa k ap dewoule yo, manb kowòdinasyon depatmantal ak rejyonal yo pa kache enkyetid yo. Anndan nòt sa yo mande pou ta gen prese prese yon konvokasyon alekstrawòdinè ASANBLE JENERAL SDP a.

Nòt sa pote siyati 9 manm ki se Walker Thelemaque, Pwofesè Latibonit; Fatal Markenson pou Nò, Louis Renan ak Phanel Pierre pou Ba plato santral, Necka Brutus pou Wo Plato, Paulemont Michel pou Grandans, Wilguens Jean pou Nòdwès, Romane Pierre pou Rejyon Palm lan epi Andrenel Lubin pou depatman Sidès.

Dekouvri plis:

Haiti: le MCC lance un concours de texte critique pour les jeunes de 17 à 25 ans

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu