Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

DJ Tonymix bay yon milyon goud pou konstriksyon kanal sou rivyè Masak la

DJ Tonymix bay yon milyon goud pou konstriksyon kanal sou rivyè Masak la

DJ Tonymix atravè fondasyon Tonymix fè don yon milyon goud pou konstriksyon kanal la.

Tony Mahotière anpil moun konnen sou non Tonymix te debake madi 17 oktòb la nan Wanament ak yon foul moun epi fè don yon milyon goud pou konstriksyon kanal la. Chèk sa se fondasyon Tonymix ki bay li fèt sou non Gaston Pierre k ap gen pou resevwa kòb sa pou bay ak komite k ap jere travay kanalizasyon rivyè masak la.

Nan yon premye tan, Tonymix te prevwa fè yon pwogram nan vil Wanament pou kapab kontribye. Anpil moun te kritike sa epi panse li pa t yon bon lide pou pwogram lan fèt nan menm espas k ap resevwa don an. DJ a pa t fè tèt di, li te anile pwogram lan epi jis pote kontribisyon pa l pandan li te akonpaye ak yon foul moun nan popilasyon Wanament lan ki t ap chante nan plizyè kwen yo te pase ak Tonymix.

Nan plizyè imaj ki disponib sou paj DJ a ak kèk lòt paj, nou ka remake malgre pa t gen yon pwogram men animasyon ki te gen atè a se tankou yon pwogram Tonymix t ap jwe tèlman te gen animasyon ak yon foul moun ki tankou te swaf Tonymix rive bò kanal la.

DJ a ki te akonpaye ak ekip li pa t kache kontantman epi montre aklè li ap soutni travay kanalizasyon rivyè masak la moun Wanament pa negosye malgre presyon prezidan dominiken an Luis Abinader ap fè. “Yon lòt fwa ankò m ap di nou bat bravo pou tèt nou, nou dwe renmen tèt nou. Ayisyen se yon pèp ki konn viv ansanm. Se inite ke nou gen bezwen”, se kèk nan pawòl Tonymix te lage devan yon foul moun.

Konstriksyon kanal sou rivyè Masak la jwenn sipò anpil atis ak gwoup tankou Wid, Klass, Newlook, Anie Alerte elatriye. Menm jan gen lòt moun nan kominote ayisyèn lan ki pa sispann pote sipò pa yo

DJ Tonymix bay yon milyon goud pou konstriksyon kanal sou rivyè Masak la

Dekouvri plis:

Sur plus de 1 000 applicants du monde entier, Kichemy Dorcéna fait partie des 40 boursiers du Berea College aux États-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Nèg ak zam moun pa rive idantifye krible machin DJ Tonymix anba katouch sou zòn Dèlma a. Anndan yon videyo li poste sou paj...

Actualités

La Fondation Lorquet pour une Nouvelle Haïti (FOLONHA) félicite l’initiative du peuple haïtien de renforcer la production agricole. Depuis l’initiative de contruire un canal...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken deklare gouvènman lakay li fè yon pakèt erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal sou rivyè Masak la. Miguel...

Actualités

Claude Joseph répond aux déclarations de l’ambassadeur de la RD en Haïti l’accusant d’être le principal auteur du canal sur la Rivière Massacre. L’ancien...