Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Doktè Hans David Télémaque libere, anpil lajwa bò kote pwòch li yo

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Télémaque kap touche 9 mil goud

Kidnape yè samdi a devan lopial jeneral, doktè Hans David Télémaque apèn jwenn liberasyon l jodi dimanch 29 novanm lan. Sal redaksyon Juno7 te konfime sa atravè yon repòtè nou ki te rive sou plas kèk minit apre liberasyon an.

Byen avan liberasyon li, entènot yo sou rezo sosyo a te mobilize pou egzije liberasyon doktè a. Yon mobilizasyon ki te rapousib sou beton an kote anpil doktè parèy li te manifeste pou egzije liberasyon l san kondisyon.

N ap raple w kidnapè yo te mande 50 mil dola ameriken ak 200 mil dola ayisyen pou te ka lage doktè a. Nan pale nou ak youn nan pwòch fanmi medsen an, li fè nou konnen li pa an mezi di nou si fanmi an te bay kòb paske li pa t nan negosiyasyon yo. Nou pa t an mezi kapab pale ak Hans David tèlman te gen anpil moun ki te kouvri l pou eksprime kontantman yo.

Pou kounya pandan n ap ekri atik sa se kè kontan nan Bwa Vèna, zòn ri rigo selon sa repòtè nou ki te rive sou plas rapòte ak redaksyon an kote fanmi ak zanmi t al chache medsen Télémaque nan avni Kristòf, premye kote l te ateri lè yo fèk relache l epi pwòch li yo monte a pye ak li sou Bwa Vèna akonpaye ak bann rara pou l ka ale repoze.

Vwazen ak zanmi doktè Hans David Telemaque fè konnen y ap leve barikad yo epi netwaye lari a apati demen maten.

Liberasyon sa vini touswit apre plizyè lopital te soti nòt pou anonse y ap fèmen pòt yo apati demen pou te egzije liberasyon doktè Hans David Télémaque san kondisyon.

Dekouvri plis :

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 22 pou rive 27 novanm 2020

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...