Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kèk komèsan dominiken pwopoze pou fwontyè a relouvri pou evite yon “Pénurie alimentaire” an Ayiti

Kèk komèsan dominiken pwopoze pou fwontyè a relouvri pou evite yon "Pénurie alimentaire" an Ayiti
Credit: Diaro Libre

Komèsan nan Repiblik Dominikèn pwopoze pou fwontyè a relouvri pou evite yon “Pénurie alimentaire” an Ayiti.

Depi aprè lanmò Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè, anndan lakay li. Otorite nan peyi vwazen pa t pran tan pou deside fèmen tout fwontyè a depi jou sa.

Desizyon sa Luis Abinader, prezidan dominiken an pran depi mèkredi paralize tout aktivite komèsyal ki te konn fèt sou fwontyè a ant 2 peyi yo. Nan yon atik jounal dominiken Diaro Libre pibliye jodia, enfòme pou di plizyè komèsan dominiken pwopoze ak otorite dominiken yo pou relouvri fwontyè a pou komès yo fèt, yon fason pou evite yon mank manje an Ayiti sa n ta ka rele nan lang fransè a yon “Pénurie alimentaire”.

Se prezidan asosiyasyon komèsan nan Dajabón, Abigail Bueno ki konfime enfòmasyon sa pou mande gouvènman peyi l anvizaje ouvri fwontyè a pandan l ap kenbe nivo siveyans lan.

Mesye Abigail fè konnen plizyè komèsan ayisyen siyale l yo pa gen machandiz ankò pou reponn ak demann konsomatè ki twouve yo sou bout tè papa Desalin lan.

Responsab asosiyasyon komèsan nan Dajabón lan kontinye pou l di, plizyè komèsan ayisyen rele l pou mande l kilè fwontyè a ap louvri. Bueno Abigail menm di mache dominiken an nil depi lè fwontyè a fèmen pou koze asasina Jovenel Moïse la.

Yon lòt dominiken ki rele César Espinoza Marquez pa t jwe kwen pou deklare : “san kliyan ayisyen, ekonomi Dajabón, vil vwazen ak Repiblik Dominikèn ap kritik”, li estime konpatriyòt ayisyen yo se kliyan nimewo 1 Repiblik Dominikèn.

César ki se pwopriyetè yon magazen founiti eksplike 99% kliyan li se ayisyen. Epi fè konnen nou youn bezwen youn lòt, an palan de ayisyen ak dominiken.

Sitiyasyon sa vin montre pi plis jan dominiken depann de nou pou komès yo mache, e nou menm tou jan n depann de yo pou bay vant nou manje.

Kèk komèsan dominiken pwopoze pou fwontyè a relouvri pou evite yon "Pénurie alimentaire" an Ayiti

Credit: Diaro Libre

Dekouvri plis:

Kopa Amerika: Brezilyen yo kritike Ajanten yo ki “sabote” final la

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Barrière de la frontière défoncée: déçue, Wideline Pierre croit que les échanges commerciaux entre les deux pays doivent être faits dans l’équité. Un groupe...

Actualités

Jean Victor Généus s’est entretenu avec son homologue dominicain autour des incidents qui ont eu lieu sur la frontière au niveau de Dajabón et...

Actualités

Le gouvernement dominicain lève ses restrictions sur la frontière aérienne avec Haïti après avoir ordonné l’ouverture de la frontière terrestre. Le conseil de l’aviation...

Actualités

L’Association des Industries d’Haiti (ADIH) salue la décision des citoyens de fermer la frontière avec la République Dominicaine. À travers une note de presse,...