Ajantin ranpòte viktwa sou Brezil 1-0, nan final kopa amerika ki t ap òganize nan peyi Neymar ak koyekipye l yo.
Touswit aprè match sa, nan yon konferans pou laprès, antrenè brezilyen an Tite ansanm ak defansè Selesawo a kritike jwèt ajanten yo t ap pwodwi sou teren an.
Si Tite pa fair-play felisite advèsè l la apre viktwa a men apre sa li pa t met dlo nan bouch li pou di: “Te gen yon jwèt gason pa kanpe. Nou te vle jwe, men sa nou te jwenn se jwèt koken. Tout tan se fot. Reta pou frape. Pa t gen ritm e nou te vle jwe. Estrateji yo se te kase jwèt la”.
Thiago Silva ansyen jwè PSG a k ap jwe anndan Chelsea kounya te pran lapawòl pou ale prèske nan menm sans ak antrenè Tite, “Nan dezyèm mitan an, pa t gen match. Yon sèl ekip te vle jwe. Se te « Catimba »(pratik antije) ki t ap pwodui. Se pa yon eskiz. Nou pa t jwe jwèt nou nan premye mitan. Men se te yon match rache pye difisil. Nou dwe tire leson sou koumansman premye mitan nou an”.
Final sa, se pa t yon match ki te bèl an espektak kote anpil kontak fizik, match la te kanpe tout tan akoz anpil fot tou lè 2 kote yo. Ajantin fè 19 fot, Brezil fè 22. Gen 9 katon ki bay nan match sa kote ajanten yo pran 5, brezilyen yo pran 4.
Brezil fini match sa ak 59% posesyon kont 41 pou Ajantin. Sa pa anpeche se ajanten yo ki ranpòte viktwa apre yon lòb Angel Di Maria nan 22è minit. Yon grenn gòl ki te kole.
Viktwa sa fè Ajantin ranpòte 15èm twofe l nan konpetisyon sa ki fè l gen menm kantite ak ekip Irigwey la.
Dekouvri plis:
Kenbe Diyite ak entegrite a, pa pran plezi nan pataje foto chokan sa yo