Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Duckens Nazon espere ke nou jwenn yon solisyon pou seleksyon an rekòmanse jwe an Ayiti

Duckens Nazon espere ke nou jwenn yon solisyon pou seleksyon an rekòmanse jwe an Ayiti

Duckens Nazon espere na va jwenn solisyon ak kriz la nan lide pou ekip nasyonal yo rekòmanse jwe nan peyi a.

Foutbòlè ayisyen an, Duckens Nazon, pale jodi mèkredi a sou kont X li sou dosye kanal sou rivyè Masak ayisyen ap konstwi a. Grenadye a kanpe dèyè konstriksyon kanal la epi envite konpatriyòt yo pran nòt sou sa k ap pase yo pou yo konnen peyi moun pa peyi yo epi espere n ap jwenn yon solisyon pou seleksyon an rekòmanse jwe Ayiti devan piblik li.

“Lan tout sa kap pase la ant 2 peyi yo. Mespere tout ayisyen pran nòt e konprann, peyi moun pa peyi nou. Sou nòt sa, mespere nap jwenn solisyon pou seleksyon ayisyen ka rekomanse jwe lakay nou an Ayiti menm jan tout peyi jwe lakay yo”, se sa foutbòlè ayisyen an ekri sou kont X li.

Nan menm mesaj la li voye felisitasyon pou moun Gran Nò ki kanpe nan tèt ansanm ak rès peyi a pou fè kanal la ak sa yo genyen. Jwè foutbòl la di fòk kanal la fèt, li pa dwe kanpe.

Duckens Nazon fè pati plizyè lòt pèsonalite ayisyen ki pa kache pozisyon yo pou di fòk kanal la fèt. Genyen ki eksprime, Genyen ki deplase ale sou chantye travay la, genyen tou ki kotize nan bay lajan.

N ap raple depi plizyè lane, ekip nasyonal foutbòl nou yo pa janm jwe nan peyi a. Tout match y ap jwe se nan peyi vwazen. Kit match amikal oubyen eliminatwa pou kèk konpetisyon. Desizyon sa se akoz van ensekirite k ap soufle sou peyi a.

Duckens Nazon espere ke nou jwenn yon solisyon pou seleksyon an rekòmanse jwe an Ayiti

Dekouvri plis:

Le CARDH alerte sur l’augmentation des déplacés internes à Port-au-Prince et la dégradation de leurs conditions de vie

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Duckens Nazon déraille sur son story Instagram et traite de “kokorat” ceux qui l’ont critiqué après la déroute de la sélection nationale masculine haïtienne...

Sports

Gold Cup 2023: l’équipe haïtienne s’incline face au Honduras 1-2 et quitte la compétition dès le premier tour. L’équipe nationale masculine haïtienne est éliminée...

Sports

Le grenadier Duckens Nazon désigné homme du match face au Qatar. La sélection nationale haïtienne a remporté son premier match dans la Gold Cup...

Sports

Le grenadier Duckens Nazon est élu joueur de la semaine dans le championnat Bulgare. Le grenadier Duckens Nazon continue d’impressionner avec le CSKA Sofia...