Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

End: Minis transpò a anvizaje ranplase klaksòn yo pa son enstriman mizik paske bri yo nui l

End: Minis transpò a anvizaje ranplase klaksòn yo pa son enstriman mizik paske bri yo nui l

End: Minis transpò a Nitin Gadkari anvizaje ranplase klaksòn machin yo pa son enstriman mizik paske bri yo nui l .

Minis transpò nan peyi End, Nitin Gadkari pa kache entansyon l pou l chanje klaksòn machin yo pa son enstriman mizik endyen, selon sa sit fransè Le Progrès fè konnen semèn pase a ke plizyè lòt sit releye.

Koze “kip kip”, “pwenp pwenp” nan anpil vil nan peyi End nui minis transpò a, se rezon sa li gen lite chanje klaksòn yo pou l ka tande son ki pi agreyab nan zòrèy li.

“M ap etidye kesyon an, mwen anvizaje elabore yon lwa pa twò lontan pou klaksòn tout machin pran son enstriman mizik endyen pou sa ka pi agreyab pou moun koute”, se sa li deklare.

Nitin Gadkari ale pi lwen kote li anvizaje tou retire klaksòn anbilans yo tou pa son ki poze menm jan yon Radyo nan peyi sa ki rele All India pase yo chak maten.

End se yon peyi kote anpil vil li toujou chaje ak machin. Nan peyi sa, klaksonnen fè pati sou jan yon sitwayen kondi. Klaksòn lan pou yo sèvi pou siyale prezans, w ap pare pou w double oubyen degaje pasaj la, sa ki kreye anpil bri.

Selon OMS, polisyon sonò a kapab lakoz pèt odifif yon moun, pwoblèm kadyo vaskilè, twoub konyitif, estrès ak depresyon.

End: Minis transpò a anvizaje ranplase klaksòn yo pa son enstriman mizik paske bri yo nui l

Dekouvri plis:

Au cours des dernières 24 heures, la République Dominicaine a enregistré 996 cas de coronavirus

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Après huit mois de détention, les autorités indiennes libèrent un pigeon accusé d’espionnage. Plusieurs médias internationaux ont rapporté le week-end dernier la libération d’un...

Actualités

En Inde, un bébé naît avec une malformation rarissime et est décrit comme un miracle de la nature. Au Shahabad Community Health Centre dans...

Monde

Inde: des primates peuplant l’environnement urbain ont volé un bébé de deux mois puis l’ont noyé dans un réservoir d’eau.  Keshav Kumar c’est le...

Monde

Inde: deux singes arrêtés pour le meurtre de 250 chiens. Les autorités indiennes ont procédé à l’arrestation de deux singes accusés de meurtre. Selon...