Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles Bon Repo epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles Bon Repo epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l an fanmi.

Ludjane Jean Gilles se non jèn fi 26 lane sa endividi moun pa rive idantifye rantre lakay li epi ale ak li an prezans fanmi l pandan li t ap fete anivèsè nesans li.

Selon sa yon pwòch Ludjane konfime ak redaksyon an, aksyon sa pase nan lannuit samdi 17 jiyè a pou louvri dimanch maten an ki te 1 è, nan zòn Bon Repo, nan Komin Kwadèboukè Enpas Rosembert.

Toujou selon pwòch demwazèl la ki t ap pale ak redaksyon Juno7 la, se anndan kay la yo rantre yo pran Ludjane Jean Gilles. Li te nan kay la ak manman l, kouzin li epi yon frè l, yo bat manman an ak kouzin lan avan yo ale ak li.

Pou kounya, endividi sa yo poko rele fanmi an nan moman nou t ap ekri atik sa. Se rezon, nou pa an mezi di se yon zak kidnapin paske fanmi demwazèl la poko resevwa okenn apèl bò kote moun ki pran Ludjane Jean Gilles yo pou mande ranson.

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles Bon Repo epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l

Dekouvri plis:

Haiti: Martine Moïse accueillie à l’aéroport international Toussaint Louverture par Claude Joseph

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Pòtoprens: Endividi ak zam rantre nan Premye Legliz Batis Ri La Reyinyon, yo tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl. Nèg...

Insécurité

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men kidnapè yo malgre lajan fanmi an bay. Jean Junior Wacelus tout moun konnen sou non Money G...

Insécurité

Kidnapin: Endividi kidnape sitwayen Olivier Kernizan ki se yon ansyen sòlda ameriken. Nèg ak zam kidnape sitwayen Olivier Kernizan, yon ansyen sòlda ameriken, jou...

Insécurité

Kidnape depi vandredi 21 avril la nan Ri Kazèn nan komin Pòtopwens , notè Alex Démosthènes poko janm kapab  jwenn liberasyon li malgre ranson ...