Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Pòtoprens: Bandi ak zam tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl anndan yon legliz

Pòtoprens: Bandi ak zam tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl anndan yon legliz
Getting your Trinity Audio player ready...

Pòtoprens: Endividi ak zam rantre nan Premye Legliz Batis Ri La Reyinyon, yo tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl.

Nèg ak zam san fwa ni lwa rantre anndan Premye Legliz Batis ki chita kòl nan Ri La Reyinyon, jodi dimanch 26 septanm lan epi tiye djak legliz la ki rele Sylner Lafaille, yo kidnape madanm djak la tou. Pandan aksyon sa gen 2 fidèl ki arive blese pa katouch nèg ak zam sa yo, selon sa ki rive jwenn redaksyon Juno7 la.

Aksyon sa fèt vè 7 è pandan fidèl yo t ap rantre pou ale adore Bondye nan premye kilt la. Se lè sa, nèg ak zam pwente epi ap eseye kidnape madanm djak la. Selon temwanyaj kèk moun nou jwenn ki te sou plas, nan moman endividi yo t ap eseye ale ak madanm li an, djak la t ap eseye opoze ak aksyon endividi yo, epi yo ta pral tire l.

Nan moman tire yo, gen 2 moun ki arive touche pa bal, 2 moun sa yo se 2 fidèl ki te vin legliz la, si n kwè temwanyaj yo.

Aksyon sa raple yon sèn ki te dewoule nan yon legliz Advantis nan Dikini, komin Kafou, kote nèg ak zam te rantre ak gwo zam epi pote ale pastè a ak kèk fidèl pandan yon adorasyon te an dirèk sou paj Facebook legliz sila.

Aksyon sa yo ap montre chak jou pi plis jan kidnapè yo alèz pou komèt aksyon yo kote yo vle, sou moun yo vle, pandan ke otorite konsène yo pa gen yon solisyon fas ak pwoblèm sa k ap toumante bil sosyete a.

Pòtoprens: Bandi ak zam tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl anndan yon legliz

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du dimanche 26 septembre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Kidnapin: Atis Money G toujou nan men kidnapè yo malgre lajan fanmi an bay. Jean Junior Wacelus tout...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Kidnapin: Endividi kidnape sitwayen Olivier Kernizan ki se yon ansyen sòlda ameriken. Nèg ak zam kidnape sitwayen Olivier...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l an...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Kidnape depi vandredi 21 avril la nan Ri Kazèn nan komin Pòtopwens , notè Alex Démosthènes poko janm...