Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Èske nou dwe raze oubyen pa raze plim devan nou? Yon espesyalis ap bay detay

Èske nou dwe raze oubyen pa raze plim devan nou? Yon espesyalis ap bay detay

Koze raze plim nan pati entim oubyen jenital se yon pratik fi kou gason renmen fè. Gen moun ki fè l paske daprè yo se bon pou ijyèn kòporèl pou evite ti odè, gen kategori ki fè l tou paske selon sa yo di lè y ap fè sèks pwèl la konn gen tandans blese yo, gen moun se koze mòpyon ki fè yo raze. Doktè David Laurangilles k ap viv nan peyi Sendomeng ki konsakre anpil rechèch li nan koze medsin prevantiv te pale ak redaksyon an sou sijè sa.

Gen risk enfeksyon ak apse

Mesye Laurangilles nan konvèsasyon an pa t pase pa 4 chemen pou montre dezavantaj sa ka genyen nan kesyon raze plim nan devan an. Espesyalis la pou montre dezavantaj yo te rale pou nou fonksyon pwal pibyen yo genyen

“Yo pwoteje zòn jenital la kont patojèn ak agresyon ekstèn. Evite ak diminye fwotman pandan relasyon seksyèl. Li pèmèt ògàn jenital yo rete cho. Patisipe nan retansyon nan bon sant pèsonèl ki estimile libido patenè a. Li anpeche swe ki nan kò a gen yon enpak dirèk sou pati jenital yo”, detaye David Laurangilles.

Apre ke espasyalis la te fin bay fonksyon prensipal pwèl yo, sa ta pral pouse l eksplike pwoblèm ki ka rive lè yon moun pran plezi raze ti po devan l

“Blesi nan zòn nan. Yon etid ki te pibliye nan American Journal of Men’s Health te jwenn 25.6% nan moun ke yo entèwoje ta sibi yon blesi pandan oswa apre epilasyon an. Retire plim yo ka lakoz tou enfeksyon sitou lè gen rapò seksyèl paske youn nan fonksyon pwal pibyen an se pwoteje jenital yo kont patojèn ki ta ka rantre nan zòn sa. Li bay Apse ki an jeneral parèt kòm yon rezilta nan iritasyon ki te koze pa epilasyon oswa razwa a”.

Plizyè metòd pou raze plim ou

Si David Laurangilles montre kèk risk sa ka genyen sou koze raze plim nan. Yon lòt bò li pa t kache pou l bay plizyè metòd yon moun ka itilize pou raze plim yo.

Espesyalis nan medsin prevantiv la fè konnen moun lan ka raze ki daprè li se pratik ki pi senp epi bon mache paske se jis yon razwa, men li konseye moun yo fè atansyon ak razwa.

Li fè konnen tou yo ka fè sa avèk krèm ki p ap domaje po a. Avèk lazè epi Sir cho sou po a.

David Laurangilles te pwofite bay kèk konsèy ak moun ki fin raze plim yo pou sa pa koze yo pwoblèm

“Aprè epilasyon evite reyon solèy la oswa kabann bwonzaj epi sèvi ak krèm relaksan oswa sikatrizant. Li rekòmande pou w pa gen rapò seksyèl pou omwen 2 jou apre epilasyon an. Objektif la se pa jenere iritasyon ak doulè sou po sansib”.

David Laurangilles pa t ni konseye ni entèdi moun raze plim yo paske daprè sa l di nan konklizyon yo se yon desizyon pèsonèl

“Raze oswa pa raze pwal pibyen ou dwe rezoud pa desizyon pèsonèl non pa akoz presyon sosyal oswa patenè. Li enpòtan ke ou byen enfòme, ou klarifye dout ak enkyetid ak doktè ou epi ke ou santi ou alèz ak desizyon ou pran an”.

Dekouvri plis:

Joseph Jouthe recadre les ministres qui jouent contre lui

1 Comment

1 Comment

  1. Amando

    15 mars 2021 at 22h37

    Il faut se raze

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

D’après le Ministère de la Santé Publique et de la Population, 729 cas de dengue ont été enregistrés à Port-au-Prince. Le Ministère de la...

Santé

Programme de dépistage des cancers du sein et du col de l’utérus organisé par le Consulat Général d’Haïti à Santiago. À l’occasion de la...

Santé

Le navire-hôpital de la marine américaine USNS Comfort sera dans la ville de Jérémie du 13 au 15 décembre pour soigner la population. L’Ambassade...

Santé

Haïti et Taiwan signent une convention de partenariat dans le cadre de la lutte contre le choléra. La République d’Haïti, via le ministre de...