Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Esprits Vagabonds”, dezyèm liv Kevin Pierre nan ekspozisyon Lafrans

"Esprits Vagabonds", dezyèm liv Kevin Pierre nan ekspozisyon Lafrans

Apre “Mak Pye Solèy” li te fin soti nan lane 2019 ki te yon rekèy powèm, powèt Kevin Pierre ki se yon jounalis tou fèk soti yon liv ki pote non “Esprits Vagabonds” ki se 2e rekèy powèm li.

Esprits Vagabonds jan nou di l pi wo a se dezyèm liv Kevin Pierre, liv sa daprè otè a li reyalize l gras ak sipò Barbara d’Antuono ki se yon koutiryèz, plastisyèn fransèz ki gen orijin italyèn.

Si “Mak Pye Solèy” te ekri an kreyòl nèt, se diferan pou “Esprits Vagabonds” ki gen tèks an kreyòl ak fransè. Chwa sa selon Kevin Pierre se pou elaji kad la

“Rezon an senp, se pou elaji kad la epi chache piblik frankofòn lan”, deklare otè a.

Anndan “Esprits Vagabonds” chak tèks akonpaye de yon desen ke Barbara d’Antuono fè. Selon Kevin, liv sa pale de plizyè tematik tankou lanmou, solitid, lavi, pandan l deklare tout tematik sa yo “Se yon pretèks pou fè moun yo aksepte mouri a epi apresye lavi”.

Dezyèm liv Kevin Pierre la deja an Frans nan kad yon ekspozisyon ki kòmanse depi jedi 14 janvye k ap bout 27 fevriye, kote Barbara d’Antuono ap pwofite tou pou l fè vènisaj desen ki akonpaye tèks anndan liv sa. Liv sa se nan Galerie Claire Corcia – 323 ri Sen Maten, Pari 3e. Men, Kevin pa prezan nan peyi Emmanuel Macron an akoz kesyon kowona li pa fè vwayaj la.

Si liv sa gen tan an Frans, Kevin Pierre poko fè okenn vant siyati bò isit akoz pwoblèm enstabilite yo selon sa l di

“Parapò ak enstabilite ki genyen pwoblèm ensekirite poko vrèman gen yon dat fiks men m panse avan vakans lan n ap fè vant siyati pa Ayiti a”.

“Esprits Vagabonds” se toujou menm lojik la otè a kenbe se pil imaj ak angajman. Kevin fè konnen li deja ap travay sou yon lòt bèl pwojè k ap soti nan kòmansman 2022.

Dekouvri plis:

20 Janvier 1758 : Mackandal périt sur le bûcher

 

Plus de contenu

Littérature

Le jeune poète Kevin Pierre en tournée à Paris avec son deuxième recueil de poèmes intitulé  “Esprits Vagabonds”. Le deuxième recueil de poèmes du...