Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Fanmi jounalis Guyler C Delva remèsye tout moun

Guyler C Delva

2 jou depi yo pa t gen nouvèl Guyler C Delva ki te lage anpil enkyetid bò kote fanmi ak moun pwòch li, yo ta pral jwenn ansyen minis kominikasyon ak kilti a nan yon chanm otèl nan Petyonvil prèske enkonsyan jou ki te madi 1e desanm lan. Apre yo fin jwenn li, fanmi jounalis RTVC a ekri yon lèt pou remèsye tout moun pou senpati ak sipò yo.

Nan lèt sa ki ekri 2 desanm lan epi vin jwenn redaksyon Juno7 la, fanmi an raple se gras ak dilijans anpil sitwayen ki fè yo te retwouve Guyler C Delva lendi pase a.

Pi lwen nan lèt sa, fanmi manb fondatè “SOS Journaliste” la pote remèsiman patikilye pou PDG RTVC a, Patrick Moussignac daprè sa yo di ki te ba yo tout sipò epi te montre lidèchip li pandan moman enkyetan sa. Yo pwofite voye gratitid yo pou tout jounalis ayisyen ak etranje pou solidarite yo te bay pandan sikonstans lan.

Fanmi Guyler C Delva voye anndan lèt sa remèsiman pou medsen lopital Bernard Mevs espesyalman frè Bitar yo ki te kanpe depi menm jou a pou bay animatè “Matin Caraïbes” la swen ke ka l te bezwen.

N ap raple w yo pa t gen nouvèl Guy depi dimanch 29 novanm lan, yo ta pral retwouve l madi 1e desanm nan maten anndan yon otèl Petyonvil, prèske enkonsyan epi yon bò l paralize. Anndan lèt fanmi an ekri a, yo fè konnen li te viktim de yon aksidan “kadyovaskilè”.

Dekouvri plis:

Sa k ta pouse divòs ant Blondedy ak mari l?

Plus de contenu

Actualités

Yo jwenn Guyler C Delva maten an la nan yon otèl nan Petyonvil, selon sa radyo karayib fè konnen. Machin li te nan pakin...

Société

Coronavirus: La liberté de la presse est-elle négociable? Non!!! Un ancien homme politique et homme d’État, devenu président des Étas-Unis (1801-1809), Thomas Jefferson, a...