Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Fantom bay otorite yo yon jou pou remèt li “mayo Gucci” ak machin li lapolis kraze

Fantom bay otorite yo yon jou pou remèt li "mayo Gucci" ak machin li lapolis kraze

Lapolis te debake yè lendi swa a nan Ri Nicolas, nan baz atis Fantom. Nan kad debakman sa, lapolis arete plizyè moun ki te anba, plizyè atis ki t ap pare pou ale pèfòme Vilaj De Dye te twouve yo an difikilte.

Nan entèvansyon l maten an sou antèn Karayib FM nan emisyon Matin Caraïbes, ansyen rapè gwoup Barikad Crew a t ap eksplike sa k pase a epi kritike konpòtman polisye yo. Fantom fè konnen se atis ki te lakay li ki t ap fè lè pou ale jwe se pa bandi, li pa twò konprann entèvansyon lapolis.

Nèg kò vè a ki t ap reponn kesyon jounalis Edmond Jean-Baptiste fè konnen si se te Martelly se sekirite lapolis t ap bay ansyen prezidan an, lè Arly t al jwe nan Tibwa pa t gen entèvansyon lapolis.

Malgre entèvansyon lapolis nan Ri Nicolas pou te anpeche atis yo ale Vilaj, Fantom te brave danje a epi ale, li fè konnen lapolis tire sou machin li bò EDH la, gen yon piti ki pran bal nan tèt

“M prèske rive nan separatè yo, nèg yo annik flache m yo tire bal sou machin mwen. Gen yon piti, yon ti jèn ki ap fè trapp misye pran bal nan tèt”, eksplike atis la

Fantom apre aksyon sa deklare li bay 24 trèd tan ak lapolis pou remèt li machin li ak mayo gucci li

“Nèg yo ap remèt mwen machin mwen wi paske e pa gouvènman an ki ban mwen l non. Sa se machin mwen swe pou m fè nèg yo ap remèt mwen machin mwen. E m garanti w depi nèg yo pa ban m machin mwen m ap montre bon fasad mwen kounya paske bandi ou pa al lekòl pou w bandi.

Machin sa se swe m ki te ban mwen l e pa t kado yo te fè m kado l… Ke Jovenel kontan ke l pa kontan nèg yo ap remèt mwen machin mwen, yo gen 24 trèd tan pou yo ban m machin mwen…Depi nan Ri Nicolas nèg yo fin chire mayo m, mayo a vann prèske 500 konbyen dola, yon Gucci ki te sou mwen, y ap remèt mwen mayo a tou”.

Dekouvri plis:

La PNH et le ministère de la défense dominicaine s’entendent sur la coopération frontalière

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Musique: Fantom et Franco Love passent le flambeau à leur fille respective Daniana et Tika. Très populaires dans l’industrie musicale haïtienne, les artistes Daniel...

Actualités

“Fantom men defi w”, une musique de Frè Gabe qui exprime son amour et son respect pour le rappeur du groupe Barikad et qui...

Culture

Fantom: Découvrez à quoi il aspirait avant d’être artiste Certaines personnes entrent tellement bien leur rôle dans cette vie qu’il est difficile de les...

Culture

Le rappeur Fantom annonce la sortie de son nouveau clip  “Fuck it” pour son anniversaire Désormais, Fantom aura un clip pour sa chanson “Fuck...