Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Fiziyad Dèlma 32: Yon gran frè atis Rutshelle Guillaume mouri tou

Fiziyad Dèlma 32: Yon gran frè atis Rutshelle Guillaume mouri tou
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Fiziyad ki fèt yè swa pou louvri maten an ki pote ale jounalis Diego Charles ak militant Antoinette Duclaire, pase pran tou Maxnold Guillaume, gran frè atis Rutshelle Guillaume.

Se atis la menm sou paj Facebook li ki anonse nouvèl la. Nan yon premye mesaj, atis la fè konnen se manman l ki te anonse l nouvèl la ke frè a pran bal.

Kèk minit aprè, li ta pral anonse ke frè a mouri sou kabann lopital. Fwa sa se papa l ki anonse l sa.

Maxnold Guillaume se gran frè atis la, li se parenn li tou. Atis la pa kache kè l ap dechire apre nouvèl sa.

Fiziyad sa ki fèt yè swa fè pou pi piti 12 mò nan zòn Dèlma 32, selon bilan pwovizwa yo.

Fòk nou raple tou menm yè swa sa nan nivo Kriswa, ri Akasya, jounalis Diego Charles mouri ansanm ak militant Marie Antoinette Duclaire epi yon lòt sitwayen idantite l pa revele.

Pou kounya pa gen okenn detay sou sa ki ta lakoz dram sa yo, jiskaske ankèt polisye revele sa ki pase a.

Fiziyad Dèlma 32: Yon gran frè atis Rutshelle Guillaume mouri tou

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

2200 emplois perdus dans le textile, l’ADIH exige en toute urgence un dialogue inclusif

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 29 juin 2023. 29 juin 2021: assassinat...

Actualités

Une messe de requiem à l’initiative des journalistes pour saluer la mémoire de Diégo Charles. À l’initiative de plusieurs associations de journalistes dont l’Association...

Nécrologie

Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an. Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè a nan legliz “Médaille Miraculeuse”, nan...

Actualités

La Directrice Générale de l’UNESCO, Audrey Azoulay, condamne le meurtre de Diégo Charles et des autres personnes. Audrey Azoulay, Directrice Générale de l’UNESCO depuis...