Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Flash: Wout Lali bloke akoz yon sitwayen yo kidnape anndan Ravin Pentad

Flash: Wout Lali bloke akoz yon sitwayen yo kidnape anndan Ravin Pentad

Granm maten mèkredi 28  avril 2021 an, popilasyon nan zòn Ravin Pentad bloke wout Lali pou pwoteste kont kidnapin ki fèt sou sitwayen Manuel Gaston Orival, ki se responsab konpayi sekirite Alternative ki nan Riyèl Vaillant.

Selon tout dènye enfo nou arive rekeyi anba bouch abitan zòn lan, fè konnen se anndan lakay li nan riyèl Nord Alexis a kote l abite yo kidnape l epi ale ak li.

Fas ak zak sa, sitwayen yo bloke wout Nord Alexis a (Ravin Pentad), boule kawotchou sou Lali devan Olympic Market, voye boutèy sou moto ak machin k ap tante pase. Lwil vide tou nan ren mòn wout Ravin Pentad la ki ale debouche sou Poupla.

Sitiyasyon sa paralize sikilasyon an, plizyè biznis oblije fèmen pòt yo sou Lali. Plizyè moun kanpe 2 bò lari a ap kòmante sa k pase a.

N ap raple w Orival se yon ansyen komisè polis. Mouvman pwotestasyon sa t ap dewoule anba je kèk polisye ki te kanpe ak inifòm anndan Ravin Pentad ap obsève fistrasyon moun yo.

Kidnapin sou Orival la se yon lòt ka ki vin ajoute sou lis moun ki ap kidnape dènye jou sa yo anndan kapital ayisyèn lan.

Fòk nou siyale tou, sou wout Bwavèna maten an, yon tantativ kidnapin sot manke fèt sou 2  elèv ki ta pral lekòl, sa ki fè abitan zòn sa fache epi bloke wout la konplètman.

Dekouvri plis:

Dansalou, yon lekòl dans Séphora Drouillard pran ak kè pou fòme plizyè jenerasyon

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, mouri aswè a aprè echanj kout zam ak lapolis. Ernst Julmé anpil moun konnen sou non Ti...

Aktyalite AN KREYÒL

Anthony Virginy Saint-Pierre, sekretè jeneral HCT a kidnape, ravisè yo kontakte fanmi pou mande ranson. Anthony Virginy Saint-Pierre, sekretè jeneral Wo Konsèy Tranzisyon an...

Insécurité

Les gangs armés sèment la terreur dans Artibonite : la population demande des mesures d’urgence pour rétablir l’ordre. La situation sécuritaire dans la région...

Actualités

San zatann, gwoup Fantom 509 pran lari jounen vandredi 20 novanm lan san vrèman moun pa t konnen motif soti san zatann sa. Nan...